Administrasyon Trump ap prepare pou retounen avek politik Detansyon Paran ak Pitit imigran
Administrasyon Trump ap devlope yon estrateji pou reprann detansyon fanmi imigran yo. Yo konsidere mete paran yo nan prizon a tout pitit yo. Yon mezi ki ta ka lakoz yon ogmantasyon konsiderab nan detansyon timoun, selon enfòmasyon NBC News.
Inisyativ sa a antre nan liy dwat politik imigrasyon strik prezidan an, ki mete depòtasyon imigran san papye nan tet priyorite administrasyon l lan.
Dapre NBC News, sèvis imigrasyon ak Ladwann (ICE) ap prepare pou lanse yon apèl dòf kap pèmèt konpayi prive jere sant detansyon ki espesyalman fèt pou fanmi.
Inisyativ sa a reprezante yon chanjman radikal konpare ak politik administrasyon Biden an, ki te sispann detansyon fanmi an 2021. Pandan peryòd sa a, fanmi imigran ki te sou depòtasyon te ka rete sou tè ameriken an men yo te konn mete braslè elektronik nan pye yo pou siveye yo, selon NBC News.
Genyen 2 sant nan Texas k ap pare pou reprann aktivite detansyon fanmi yo.
Dapre NBC News, Sant Karnes, ki sou responsabilite GEO Group, kapap resevwa plis pase 3,000 moun, pandan ke sant Dilley, ki te sou responsabilite Core Civic, gen yon kapasite pou pran 830 moun.
Sant Dilley la, ki pa aktif kounye a, kapap relouvri anvan lontan, aloske sant Karnes, ki resevwa imigran majè ta dwe reamenaje pou kapap resevwa nouvo imigran, daprè sa NBC News rapòte.
Kesyon finansman sant yo poze yon gwo pwoblèm pou administrasyon Trump lan. NBC News fè konnen ICE, ki deja ap fè fas ak difikilte bidjè, dwe idantifye plis fon pou soutni pwogram sa a.
Daprè plizyè sous NBC News kontakte, genyen plizyè milye fanmi ki genyen lòd depòtasyon kont yo kapap viktim akoz nouvo desizyon sa administrasyon Trump lan vle pran. Pandansetan Donald Trump pa sispann mete presyon sou sèvis imigrasyon pou ogmante kantite moun y ap depòte chak semenn, selon NBC News.
Inisyativ sa a riske pwovoke separasyon nan fanmi imigran yo. Anpil fanmi ki abite Ozetazini gen yon “estati melanje”, kèk manm nan menm fanmi an gen papye aloske gen lot ki pa genyen.
Pandan premye manda prezidansyèl li, Trump te mete an plas politik detansyon fanmi ki poko gen dokiman legal yo. Anpil timoun te separe ak paran yo. Jis kounye a plizyè paran poko rejwenn pitit yo administrasyon Trump lan te retire nan men yo nan premye manda l.
Dapre NBC News, Tom Homan, ki te responsab pou politik imigrasyon Trump, te deklare nan mwa oktòb pou CBS “60 Minutes” pa gen okenn eksepsyon ki ta fèt pou fanmi sa yo. Sepandan, li te mansyone moun ki gen yon estati legal ta ka toujou chwazi pou fè yon depa volontè pou prezève inite fanmi yo.