Yemi Alade, ki ta dwe fè wikenn sa a nan Monreyal nan Festival Sware Afriken yo rive jwenn refi pou yon viza antre nan peyi Kanada pou yon rezon ki etone anpil moun: “Risk pou wè li etabli li nan peyi a pou tout tan”. Pou pèfòmans atis sa fè atravè tout mond lan (Nan Ewòp, nan Etazini) ak fòtin li, li difisil pou rive kwè kanada refize li viza pou yon kalite rezon konsa. Remake byen ke Yemi Alade gen 5 albòm nan repètwa li, yon EP ak anpil hits. Li se yon atis ki mete dife sou sèn nan, li chante, danse, li gen enèji san rezèv. Yemi Alade gen 17 milyon moun k ap suiv li sou Instagram, 2 milyon sou YouTube ak Facebook.
Li fèk lage yon nouvo chante ki rele “Begging” Li ta dwe fèmen Festival Sware Afriken yo dimanch 24 jiyè sa a.
Zambyèn Sampa the Great ki se yon rapè ap ranplase li nan festival la. Domaj pou piblik Kanadyen an ki p ap kapab asiste pèfòmans icon Nijeryen sa a.


