fbpx

Nou konnen yon ti kras plis sou trajedi ki koute lavi 16 moun nan Depatman Sidès an Ayiti

Emmanuel Paul
Emmanuel Paul - Journalist/ Storyteller

Dram nan depatman Sidès la.

Sèz moun pèdi lavi yo nan lokalite Seguin, nan seksyon kominal Fond Jean Noël, nan komin Marigot.

Apre yo fin patisipe nan antèman yon moun, plizyè nan viktim yo ki te twouve nan yon ti kay,  tout net mouri.

Yon rezidan nan zòn nan ki te tande yon bri sispèk nan chanm kote viktim yo te ye, te eseye pote èd. Li menm tou li mouri.

Pou kounye a, gouvènman konsidere plizyè ipotèz pou detènime sikonstans trajedi sa a.

“Lè nou rive, nou te dekouvri kadav uit gason, senk fanm (yonn ansent), 2 ti gason ak yon ti fi. Apre yon analiz  sou sèn nan ak anviwònman an, Doktè Djemina Deshommes te favorize teyori a kòm kwa se ta yon  anpwazònman monoksid kabòn kòm kòz prensipal dram nan”, dapre otorite ki te vizite zòn nan.

Jean Jacques Peterson, ki te prezan tou nan plas la te nan yon eta trè grav. Yo  te kouri lopital avek li  pou l te ka  resevwa tretman ki nesesè.

“Abitan nan zò n nan te retire Jean Jacques Peterson nan kay la nan yon kondisyon kritik. Se elikoptè yo te oblije itilize pou transpòte Peterson nan lopital Mibalè. Daprè enfòmasyon ki soti nan sant  sante Seguin, Peterson te prezante yon satirasyon nan 62, sa ki  endike yon mank oksijèn.”, daprè delege depatmantal Sidès la, Mesye Pierre Michel Lafontant, redaksyon  CaribbeanTelevisionNetwork te kontakte.

Sepandan, teyori  anpwazònman nan monoksid kabòn lan gen dwa pa kenbe ankò pliske tout viktim yo pat mouri nan on sel espas.  Omwen senk lòt moun ki te mouri pa t nan menm chanm ak majorite viktim yo.

Mari youn nan moun ki te prezan nan kay la ak kat pitit yo te pèdi lavi yo tou.

“Nou jwenn kadav yo nan diferan pozisyon, gen kèk fas anba, lòt moun ak do yo  atè a, epi 2 nan yon pozisyon kote yo te chita apiye sou yon kabann. “,daprè delege Sidès la Pierre Michel Lafontant.

Nouvèl lanmò sèz moun nan Fond Jean-Noel soulve enkyetid nan mitan popilasyon lokal la ak gouvènman an, ki anonse “yon ankèt apwofondi pou detèmine sikonstans egzak ensidan trajik sa a.”

Byenke yo tout genyen lyen parante, tout  viktim yo pa soti nan on sel fanmi, kontrèman ak enfòmasyon ki tap sikile anvan.

Nou rive jwenn plis enfòmasyon sou  idantite sèz moun ki mouri yo:

1- Odilon Louis Jacques

2- Geta Tida

3- Gervens Louis Jacques

4-Doggie Tima

5- Meristil Pierre

6- Sonia Delmo

7- Gesner Petit-Jean Jacques

8- Nerlande Bellevue

9- Vladimir Petit Jean-Jacques

10- Gerson Jean-Jacques

11- Rosemène Petit Jean-Jacques

12- Déborab Petit Jean-Jacques

13-Reginald Saintiche

14-Michaël Petit Jean-Jacques

15- Nwèl Wigens

16- Evenson Petit Jean-Jacques

Ka lanmò akòz anpwazònman monoksid kabòn yo trè komen, sa ki lakòz lanmò prèske 30,000 moun chak ane atravè mond lan.

Nan dat 18 desanm 2020, 3 moun yo te  mouri ak 7 lòt nan kondisyon grav nan otèl Ti Nich nan Delmas 19. Daprè premye enfomasyon se ta  anpwazònman monoksid kabòn ki ta dèyè ensidan grav sa.  Men, pa gen okenn enfòmasyon ofisyèl ki te finalman  kominike sou sikonstans trajedi a.

“Monoksid kabòn (CO) se yon gaz san koulè, san odè, toksik ak potansyèlman fatal ki soti nan konbisyon enkonplè, kèlkeswa materyel tankou: bwa, chabon, gaz pwopa n, gazolin, lwil gaz, gaz natirèl ak lot k ap sikile nan anviwònman an.”, dapre Ministè Sante Piblik fransè ki deklare ke “chak ane, gaz toksik sa akoze lanmò  anviwon yon santèn moun an Frans.”