Se direktè medikal lopital la Dr Donald François ki fè anons sa a jedi 20 oktòb 2022 a nan yon entèvyou ak Zoom Haiti News. Manadjè a jistifye desizyon sa a nan lide pou evite konplikasyon pandan akouchman, sa ta enposib pou opere nan sal operasyon an akòz rate gaz la. Lopital Sainte-Thérèse nan Miragwann se pi gwo sant lopital nan depatman Nip lan, li genyen matènite, sal operasyon ak tretman Pvpvih. Mank gaz la afekte fonksyonman anpil enstitisyon ann Ayiti. Lopital yo pa epanye. Lopital Bernard Mevs te anonse nan fen mwa septanm nan li te oblije diminye anplwaye li yo ak sèvis disponib akòz pèsistans pri yap ogmante jiska rate gaz la. Médecins Sans Frontières ak lòt lopital k ap travay atravè peyi a te oblije pran menm desizyon an. Devan endiferans gouvènman an, se poutèt sa kriz la pèsiste. Klas defavorize yo kontinye ap viktim.
Dieuva Occidor


