Nan kad yon demach ofisyèl kont pratik pri Stop & Shop yo, Senatè Etazini Elizabeth Warren ak Ed Markey, ansanm ak Depite Jim McGovern ak Ayanna Pressley, voye yon lèt bay Frans Muller, Direktè Jeneral Ahold Delhaize, konpayi manman Stop & Shop. Ekip palmantè sa a eksprime gwo enkyetid yo konsènan pri ki rete wo nan plizyè magazen Stop & Shop ki sitiye nan zòn vil ki pi pòv yo, malgre angajman ki te pran pou bese yo.
Dapre yon nouvo ankèt Hyde Square Task Force fè – yon òganizasyon jèn volontè lokal nan Boston – Stop & Shop reyalman bese pri yo nan magazen ki nan Jamaica Plain, apre presyon ki te sòti nan mitan otorite yo. Men ankèt la montre tou ke nan lòt lokal, tankou Grove Hall, South Bay, ak Mission Hill, pri yo toujou pi wo pase nòmal.
“Se yon bon nouvèl ke Stop & Shop deside bese pri yo nan Jamaica Plain apre nou te mande yo soulajman, men nou kontinye konstate ke fanmi ki abite nan lòt katye defavorize yo toujou ap peye plis, ” se sa Senatè Warren deklare. “Sa pa etone nou ke se kominote klas ouvriyè yo ki kontinye viktim pri depase sa yo.”
Nan lèt yo voye bay Ahold Delhaize, palmantè yo mande detay sou estrateji pri Stop & Shop la, epi yo soulve kesyon sou rezon ki fè konpayi an fèmen sèt (7) magazen atravè Massachusetts depi premye korespondans yo an septanm 2024.
” Nou egzòte Stop & Shop pou l bese pri yo nan magazen ki nan Grove Hall, South Bay, ak Mission Hill, epi pou l asire ke tout fanmi nan Massachusetts ap peye pri ki jis pou manje yo ap travay di pou mete sou tab yo, ” palmantè yo konklizyon lèt la.
Rekèt sa a vini apre yon premye rapò ki te mete an limyè diferans pri ant magazen Stop & Shop ki nan zòn iben defavorize yo ak sa ki nan katye pi rich yo. Repons Stop & Shop te fè konnen li te mete an aplikasyon « yon plan estratejik plizyè ane pou envesti nan pri yo epi bese pri chak jou » nan tout magazen li yo nan Massachusetts.
Sepandan, selon ankèt ki fèt mwa pase a, anpil lòt magazen toujou ap vann pwodwi ak pri ki pa rezonab. Sa mennen otorite yo konkli ke Stop & Shop “kontinye ap fè pwofi sou do kominote ki gen revni fèb nan Massachusetts, atravè pri makèt ki pi wo pou manje nesesè yo.”
Parlamentè yo mande pou yo resevwa repons konplè sou tout kesyon yo anvan 14 me 2025.