Administrasyon Trump entèdi etidyan ki soti Ayiti ak 6 lòt peyi antre nan Harvard

CTN News

Konsekans desizyon pou klase gang ayisyen yo kòm òganizasyon teworis yo kòmanse parèt.

Prezidan Donald J. Trump siyen yon pwoklamasyon prezidansyèl mèkredi sa a ki sispann tanporèman admisyon nouvo etidyan etranje nan Inivèsite Harvard, sa ki lakoz gwo chòk nan mitan kominote imigran yo, espesyalman nan kominote ayisyèn nan Etazini.

Desizyon sa a vini kèk semèn apre gouvènman ameriken an te klase gang ayisyen Viv Ansanm ak Gran Grif kòm òganizasyon teworis. Dapre Mezon Blanch lan, “Prezidan Donald J. Trump siyen yon pwoklamasyon ki vize pwoteje nasyon an kont menas teworis etranje ak lòt danje ki gen rapò ak sekirite nasyonal ak sekirite piblik, anrapò ak moun ki ap antre Ozetazini.”

Plizyè santèn etidyan ayisyen, swa ki deja anrejistre oswa k ap tann viza yo pou Harvard, ap afekte dirèkteman pa direktiv sa a ki sispann delivrans tout nouvo viza F, M, ak J pou inivèsite sa a.

Anplis de sa, Depatman Deta a resevwa otorizasyon pou anile viza ki te deja bay etidyan ki deja ap etidye la, si yo antre nan kritè ki defini nan pwoklamasyon an.

Restriksyon sa a konsène sèlman elèv ki ap etidye nan Harvard, li pa afekte lòt elèv ki nan inivèsite ameriken, sòf si yo resevwa yon dispans espesyal pou “enterè nasyonal” dapre otorite ki gen konpetans yo.

Inisyativ sa a antre nan kad ranfòsman global politik imigrasyon ak kè sote k ap ogmante bò Mezon Blanch lan sou sekirite nasyonal, dapre deklarasyon ofisyèl la.

Dapre Mezon Blanch lan toujou, yo akize Harvard dèske li “echwe nan devwa l pou li transmèt enfòmasyon esansyèl” sou aktivite ilegal oswa danjere kèk etidyan etranje bay Depatman Sekirite Entèn. Inivèsite a ta gen yon “siveyans ensifizan” sou etidyan entènasyonal li yo, espesyalman sila yo ki sispèk de zak ekstrèm oswa kriminèl.

Dokiman an mete aksan sou enkyetid ki gen rapò ak entèferans etranje. Li fè konnen Harvard ta resevwa plis pase 150 milyon dola ki soti Lachin, epi li ta kolabore ak moun ki gen lyen ak militè chinwa yo. Inivèsite a akize tou dèske li te resevwa manm paramilitè Pati Kominis Chinwa a, epi li te tolere “ajitatè vyolan ki patisipe nan zak antisemitis” – pifò ladan yo se etidyan entènasyonal.

Prezidan Trump jistifye desizyon li an lè li deklare: “Nou vle bon etidyan isit la. Nou pa vle elèv ki ap bay pwoblèm.”

Li kontinye: Gen moun ki ta renmen ale Harvard, men yo pa ka, paske gen etidyan etranje la. Men mwen vle asire m ke etidyan etranje sa yo se moun ki kapab renmen peyi nou.”

“Nou toujou ap tann lis etidyan etranje Harvard la pou n kapab detèmine konbyen radikal ak twoubadou ki pa dwe pèmèt retounen Ozetazini.”

Dyaspora ayisyèn nan Etazini, ki angaje anpil nan edikasyon siperyè ak mobilite akademik, eksprime gwo enkyetid sou konsekans politik sa a. Anpil jèn ayisyen ki gen talan ap kontinye etid yo nan Harvard gras ak bous ekselans ak pwogram echanj. Pwoklamasyon sa a mete avni akademik yo an danje e li agrave sans eksklizyon kominote imigran yo deja ap santi.

Mezi sa a afekte tou etidyan ki soti lòt peyi tankou Lachin, Iran, Larisi ak Venezyela, menm si administrasyon an poko bay okenn lis ofisyèl sou peyi ki konsène yo.

Lè li mete baryè pou aksè nan yon enstitisyon ki gen prestij tankou Harvard, administrasyon Trump lan voye yon siyal klè sou volonte li genyen pou li oryante politik edikasyon an nan yon sans “nasyonalis” ak plis sekirite. Inisyativ sa a ka ankouraje lòt inivèsite ranfòse kolaborasyon yo ak otorite federal yo sou kesyon sekirite ak seleksyon etidyan etranje yo.

Share This Article