Depatman Deta Etazini mete ofisyèlman 2 gwoup kriminèl Viv Ansanm ak Gran Grif sou lis Òganizasyon Teworis Etranjè, an akò ak Seksyon 219 nan Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite (Immigration and Nationality Act), jan yo modifye l, ansanm ak Lòd Egzekitif 13224.
Nan yon nòt enfòmasyon li pibliye vandredi sa a, Biwo Depatman Deta ki okipe dosye kont teworis la bay detay sou menas gwoup ame sa yo reprezante pou sekirite ak gouvènans ann Ayiti.
“Viv Ansanm se yon gwoup yo fòme an septanm 2023, kòm yon kowalisyon gang, atravè yon alyans ant de prensipal faksyon k ap opere nan Pòtoprens: G-9 ak G-Pèp,” dapre sa nòt la deklare.
Kowalisyon sa a sèvi kòm yon platfòm inifye ki pèmèt gang sa yo itilize vyolans pou destabilize Ayiti, epi atake tout efò pou retabli otorite Leta. Yo akize Viv Ansanm dèske li te òganize atak kowòdone sou enfrastrikti kle, tankou prizon, bilding leta, e menm Ayewopò Entènasyonal Pòtoprens. Zak vyolan sa yo te mennen demisyon fòse ansyen Premye Minis Ariel Henry.
Dezyèm gwoup la, Gran Grif, opere sitou nan depatman Latibonit, ki se yon rejyon agrikòl estratejik ann Ayiti. Depatman Deta mete aksan sou sa:
“Gran Grif se pi gwo gang ki nan depatman Latibonit… Depi ane 2022, li responsab pou 80% lanmò sivil ki rapòte nan rejyon an.”
Gran Grif pa sèlman atake Polis Nasyonal d Ayiti, men li atake tou Misyon Sipò Multinasyonal Sekirite (MSS) ke Nasyonzini otorize. Nan mwa fevriye 2025, manm gang sa a ta patisipe nan yon atak ki lakoz lanmò yon polisye kenyan ki te fè pati MSS.
Apre desizyon sa a, tout byen ak avantaj ki gen lyen ak Viv Ansanm ak Gran Grif, ki nan teritwa Ameriken oswa anba kontwòl yon sitwayen ameriken, vin friz. Anplis, sitwayen ak antite ameriken pa gen dwa angaje yo nan okenn tranzaksyon oswa komès ak gwoup sa yo.
“Desizyon sa yo mete gwoup sa yo deyò, izole yo, e li refize yo aksè ak sistèm finansye Ameriken an ak tout resous yo bezwen pou fè atak,” selon sa Depatman Deta fè konnen.
Gouvènman Ameriken lanse yon avètisman kont nenpòt moun — menm sitwayen ameriken — ki ta patisipe nan tranzaksyon oswa aktivite ki gen rapò ak gwoup sa yo. Sa kapab mete yo anba sanksyon segondè dapre lwa kont teworis.
Bay sipò materyèl oswa lojistik bay òganizasyon sa yo konsidere kòm yon krim federal. “Desizyon sa yo ka ede tou lòt ajans polis ak gouvènman etranje nan travay yo,” dapre sa nòt la ajoute.
Desizyon pou mete gang ayisyen sou lis òganizasyon teworis la te sèvi tou kòm okazyon pou gouvènman Ameriken an rele politisyen ayisyen yo pou yo mete enterè peyi a anvan tout lòt bagay.
Li enpòtan pou nou sonje, pa gen lontan, Nasyonzini, Etazini ak Kanada — pami lòt peyi — te pibliye yon lis pèsonalite politik ak biznis ann Ayiti yo akize kòm moun k ap finanse gang ame yo.
Desizyon sa a ka mete plis difikilte sou do moun k ap finanse gang sa yo.
Men yon lis pa konplè pèsonalite ayisyen Kanada sanksyone. Majorite ladan yo parèt sou lis Nasyonzini ak Etazini tou:
André Apaid (biznisman)
Arnel Bélizaire (ansyen depite)
Berto Dorcé (ansyen minis)
Carl Braun (biznisman)
Charles Saint-Rémy (biznisman)
Gary Bodeau (ansyen depite)
Gilbert Bigio (biznisman)
Gracia Delva (ansyen senatè ak ansyen depite)
Hervé Fourcand (ansyen senatè)
Jean Marie Vorbe (biznisman)
Jean-Henry Céant (ansyen Premye Minis)
Jimmy Chérizier alyas Barbecue (chèf gang)
Jocelerme Privert (ansyen Prezidan Repiblik la)
Johnson André alyas Izo 5 Segond (chèf gang)
Joseph Lambert (ansyen senatè)
Joseph Wilson alyas Lanmò San Jou (chèf gang)
Laurent Salvador Lamothe (ansyen Premye Minis)
Liszt Quitel (ansyen minis)
Marc Antoine Acra (biznisman)
Michel Joseph Martelly (ansyen Prezidan Repiblik la)
Nenel Cassy (ansyen senatè)
Prophane Victor (ansyen depite)
Reynold Deeb (biznisman)
Rony Célestin (ansyen senatè)
Salim Succar (biznisman)
Sherif Abdallah (biznisman)
Steeve Khawly (biznisman)
Vitel’homme Innocent (chèf gang)
Youri Latortue (ansyen senatè)
Fòk nou note tout moun sa yo pa tonbe anba sanksyon pou finanse gang. Gen nan yo ki sanksyone pou blanchiman lajan, koripsyon, trafik gwòg e latriye.