Legliz Katolik Ayiti a pral ekri yon nouvo paj nan istwa li nan jou kap vini yo.
Kadyenal Chibly Langlois, evèk dyosèz Okay la, pral patisipe nan konklav ki fikse pou kòmanse nan Vatikan apati 7 me 2025, pou chwazi siksesè Pap Franswa, ki fèk mouri a.
Jamè oken kadinal ayisyen pa t janm patisipe nan yon moman ki tèlman solanèl e desizif pou lavni Legliz Katolik la, dapre ajans nouvèl Catholic News Agency (CNA).
Prezans Kadyenal Chibly Langlois pami kadinal ki gen dwa vote yo se yon senbòl fò pou yon peyi yo souvan mete sou kote lè gen gwo desizyon eklezyastik pou pran.
Nan yon omaj li te rann piblik 22 avril ki sot pase a, aprè lanmò Pap Franswa, Kadyenal Langlois salye memwa yon nonm li dekri kòm “yon pastè ki te vrèman imèn”. Dapre CNA, li mete aksan sou jan defen Souvren Pontif la te rive mete sou pye “yon espirityalite konkrè ki chita sou mizèrikòd, koute, ak solidarite”. Kadyenal la te ensiste tou sou angajman Pap Franswa te genyen pou moun ki plis vilnerab yo, e li fè konnen li te fè Levanjil tounen “yon envitasyon vivan pou soulaje kè ak enspire aksyon”.
“Nan yon mond kote enjisitis ap brase tout bagay, Pap Franswa te raple nou ke lafwa dwe alimante lavi chak jou,” se sa Langlois deklare. “Li montre nou limyè Bondye a parèt atravè jan nou pran swen chak moun, sitou sa yo ki pi demwens,” Kadyenal ayisyen an ajoute.
Bò kote Kadyenal Langlois, yon lòt reprezantan Karayib la ap patisipe tou: Kadyenal Kiben Juan García Rodríguez, ki se evèk La Avàn.
Pap Franswa te elve Chibly Langlois nan ran kadyenal an 2014. Depi lè sa, li vin tounen yon pèsonalite respekte nan Vatikan an. Li chita nan plizyè enstitisyon enpòtan nan Kore Women an, tankou Dikasè pou Kominikasyon, Komisyon Papis pou Amerik Latin lan, ak Konsèy Papis pou Jistis ak Lapè.
Li te kòmanse chimen pastoral li an 2004, lè Pap Jan Pòl II te nonmen li evèk Fort-Libète. Yo te òdone li menm ane sa a, 6 jen. Depi lè sa, li toujou viv deviz li a: “Servire Cum Caritate” — “Sèvi ak lanmou”.
An 2011, Pap Benoit XVI te transfere li nan dyosèz Okay la, kote li kontinye sèvi jounen jodi a. Soti 2011 rive 2017, li te prezide Konferans Evèk Ayiti a. Pandan Sinòd Oktòb 2014 sou fanmi an, li te reprezante Ayiti, li te pote vwa pèp ayisyen an nan diskisyon pastoral mondyal yo, jan CNA raple sa.
Chibly Langlois fèt 29 novanm 1958 nan La Valè, depatman Sidès Ayiti. Li te resevwa fòmasyon li nan Gran Seminè Notre-Dame, nan Pòtoprens, epi li te vin prèt an 1991 pou dyosèz Jakmèl. Apre sa, li te al kontinye etid li nan Wòm, nan Inivèsite Papis Latran, kote li te jwenn yon lisans nan teyoloji pastoral. Tèz li te pote sou tèm: “Nouvo Evanjelizasyon kòm yon zèv enkiltirasyon ann Ayiti.”
Kadyenal Langlois enplike anpil tou nan lavi politik Ayiti. Anpil fwa, yo rele sou li pou sèvi kòm medyatè nan kriz san fen peyi a ap fè fas a yo.
Angajman li te vin pi vizib apre tranblemanntè devastatè janvye 2010 la. Pli resamman, an 2021, aprè yon lòt tranblemanntè, li te deklare pandan yon webinè Caritas Internationalis: “Pèp ayisyen an ap soufri, kwè mwen. Kote mizè, vyolans ak katastwòf ap devaste lavi moun, Legliz la prezan, sou premye liy lan.”
Patisipasyon Kadyenal Langlois nan konklav sa a, nan moman tranzisyon sa a pou Legliz Inivèsèl la, se yon avansman senbolik pou katolik ayisyen yo. Vwa li, ki chita sou eksperyans yon pèp ki abitye soufri, ap gen pwa nan chwa 267yèm Pap la.