2 Lopital nan Massachusetts Pral chanje non pou pote non Boston Medical Center

Emmanuel Paul

2 enstalasyon sante enpòtan nan Massachusetts pral byento pote nouvo non: Boston Medical Center (BMC) ap elaji idantite li ofisyèlman sou Good Samaritan Medical Center ki nan Brockton, ak St. Elizabeth’s Medical Center ki nan Brighton.

Dapre CBS News, Good Samaritan pral rele Boston Medical Center – Sid (BMC Sid), pandan St. Elizabeth’s ap vin Boston Medical Center – Brighton (BMC Brighton). Chanjman sa yo te anonse jedi pa Sistèm Sante Boston Medical Center, ki te pran kontwòl de lopital sa yo nan mwa Oktòb ki sot pase a, apre Eta Massachusetts te akeri St. Elizabeth’s atravè pwosesis “domèn eminant”.

Tou 2 enstalasyon sa yo te fè pati Steward Health Care, yon rezo lopital ki te deklare fayit nan mwa me 2024. Selon CBS News, fayit sa te afekte nèf lopital nan eta a, sa ki mennen nan fèmen Nashoba Valley Medical Center nan Ayer ak Carney Hospital nan Dorchester, ki gen pou yo sispann fonksyone nan fen mwa out.

Nan yon kominike pou laprès, Alastair Bell, Direktè Jeneral Sistèm Sante BMC a, deklare:
“Vizyon nou se pou nou mete sou pye yon sistèm sante inifye ki baze sou ekselans medikal ak aksè pou kominote nou yo; vizyon sa ap pran fòm tou dousman.”
Li ajoute ke BMC ap chèche “kreye yon idantite pataje atravè tout lopital nou yo, ki senbolize konfyans, aksè ak swen ak konpasyon” (jan CBS News rapòte).

Desandan Steward Health Care te akonpaye pa anpil kontwovès. Ralph de la Torre, ki te PDG gwoup la, te demisyone nan mwa septanm ki sot pase a, apre li te akize de itilize plizyè santèn milyon dola nan fon konpayi an pou benefis pèsonèl. Yon ankèt CBS News revele Steward pa t peye founiti medikal esansyèl pou lopital li yo. De la Torre te menm jwenn koupab pou mepri tribinal paske li pa t prezante devan Sena a (rapò CBS News).

Finalman, Sistèm Sante BMC fè konnen nouvo non ak logo pou chak lopital pral aplike etap pa etap pandan semèn ak mwa k ap vini yo.

Good Samaritan Hospital sèvi yon gwo pati nan kominote ayisyèn Brockton, pandan Boston Medical Center rete lopital prensipal pou kominote ayisyèn Boston.

 

Pages

Share This Article