Nouvo règ sou Kat Didantite Inivèsèl (Real ID) ap kòmanse madi sa: Kisa ou dwe konnen?

Emmanuel Paul

Administrasyon Sekirite Transpò Ameriken (TSA) konfime ke apati 7 me 2025, majorite moun nan Etazini ap bezwen yon Real ID pou vwayaje nan avyon lokal oswa pou antre nan biwo federal yo.
Real ID a se yon pyès idantite ki te egziste depi kèk tan, men anpil eta pa t konn egzije li. Li vini sou fòm pèmi pou kondi oswa kat idantite pou moun ki pa gen pèmi kondi.

Kisa ki diferansye Vrè Kat Idantite (Real ID) ak Kat Idantite Regilye (Standard ID)?

Vrè kat idantite a (Real ID) se yon pyès gouvènman federal rekonèt kòm dokiman ofisyèl. Li gen anpil enfòmasyon demografik ladan l, e gouvènman federal la posede enfòmasyon sa yo. Se yon kat idantite inivèsèl.

Pou kat idantite regilye a (Standard ID), se leta kote moun nan ap viv la ki bay li. Li pa oblije gen tout enfòmasyon kat idantite inivèsèl la genyen.

Anvan 7 me, tout moun nan tout eta te kapab vwayaje ak kat idantite regilye a san okenn pwoblèm. Men gouvènman federal la te vin chanje sa. Se sa ki fè apati madi 7 me a, yon moun ki vle vwayaje nan èpòt oswa frekante biwo federal yo dwe gen kat idantite inivèsèl la.

Nan kèk eta, se pa tout kalite moun ki elijib pou gen kat idantite inivèsèl la. Tankou nan eta Massachusetts, sa pa gen lontan, pou yon moun te kapab jwenn kat idantite inivèsèl la, fòk li te kapab pwouve li gen yon estati legal nan peyi Etazini.

Men sa te konn kreye anpil konfizyon sou kiyès ki gen estati legal oswa kisa yo konsidere kòm estati legal.
Li rive souvan ke de moun ki gen estati pwoteksyon tanporè oswa lòt estati imigrasyon al nan biwo sikilasyon (Registry of Motor Vehicles) — yonn jwenn kat idantite inivèsèl la (Real ID), tandiske lòt la se kat idantite regilye yo ba li.

Biwo sikilasyon nan Massachusetts te anonse gen gwo dispozisyon yo pran pou rezoud pwoblèm sa a. Gen lòt eta tou ki te fè menm anons lan.

Daprè Mirror US, plan Real ID la te lanse apre atak 11 septanm 2001 yo, e se an 2005 li te vin tounen yon lwa federal. Objektif prensipal li se ranfòse sekirite nasyonal. Yo rekonèt Real ID la ak yon ti zetwal an lò nan kwen dwat li.

Men, daprè sa Mirror US rapòte, gen 5 eta ki pa oblije sitwayen yo pran nouvo ID sa a.

Daprè Jack Hobbs, “TSA fè konnen moun ki abite nan eta Washington, Michigan, Minnesota, New York, ak Vermont kapab itilize sa yo rele Enhanced Driver’s License (EDL). Lisans sa yo ranpli kondisyon federal yo epi pèmèt yo travèse fwontyè ak Kanada ak Meksik sou tè.”

Kisa ou bezwen pou aplike pou yon Real ID?

Daprè sa otorite federal yo eksplike, pou ou ka jwenn yon Real ID, ou dwe mete ansanm:

  • Yon prèv idantite (tankou ak nesans oswa paspò)
  • Nimewo Sekirite Sosyal ou
  • De prèv ki montre ou abite nan eta kote ou aplike a
  • Prèv ou gen estati legal Ozetazini

E si ou pa gen Real ID?

TSA avèti ke moun ki pa gen Real ID oswa lòt fòm idantifikasyon aksepte ap oblije fè yon pwosesis verifikasyon idantite, ki konn pran tan epi ki pa garanti ou va pase.

Daprè TSA: “Ajan TSA a ka mande w fè yon pwosesis verifikasyon idantite, ki gen ladan ranmase enfòmasyon tankou non w ak adrès ou kounye a pou konfime kiyès ou ye.”

Si yo konfime idantite ou, yo ka kite ou pase nan kontwòl sekirite a. Men, TSA mete aksan sou sa: si ou pa gen okenn fòm ID valab epi ou refize ranpli fòm lan, ou p ap ka antre nan avyon an.

Men lis 15 fòm idantifikasyon TSA aksepte:

  1. Lisans kondwi ak karakteristik Real ID
  2. Paspò Ameriken
  3. Kat paspò Ameriken
  4. Kat “Trusted Traveler” DHS (Global Entry, NEXUS, SENTRI, FAST)
  5. Kat Depatman Defans Ameriken, ki gen ladan kat moun depandan yo
  6. Kat rezidan pèmanan
  7. Kat travèse fwontyè
  8. Kat idantifikasyon tribi Endyen ki rekonèt pa federal la
  9. Kat HSPD-12 PIV
  10. Paspò ki soti nan yon lòt gouvènman etranje
  11. Lisans kondwi Kanadyen oswa kat Zafè Endyen nan Kanada
  12. Kat idantite travayè transpò
  13. Kat otorizasyon travay USCIS (I-766)
  14. Kat Idantite Marin Komèsyal Etazini (U.S. Merchant Mariner Credential)
  15. Kat sante veteran (VHIC)

Yo fè konnen tou TSA ap aksepte fòm sa yo menm si yo ekspire depi maksimòm yon ane. Timoun ki poko gen 18 an p ap bezwen montre okenn fòm idantifikasyon pou vwayaje andedan peyi a.

Malgre obligasyon Real ID lan ap antre an aplikasyon apati mèkredi  7 me 2025, se pa tout moun ki bezwen li. Sitwayen nan 5 eta yo kapab kontinye sèvi ak EDL. Sepandan, tout vwayajè dwe pare pou montre yon fòm idantifikasyon valab si yo pa vle pèdi vòl yo oswa pase plis tan ap tann nan èpòt.

Ou deja fè plan pou mete ID ou ajou?

Not: Nou edite teks sa pou n te kapap korije on erè nan dat antre an aplikasyon lwa sou kat didantite inivèsel la (Real ID) k ap antre an aplikasyon mekredi 7 Me 2025.

Pages

Share This Article