2 konsekans negatif potansyèl sou gang ayisyen yo klase kòm òganizasyon teworis entènasyonal

Emmanuel Paul

Sou rezo sosyal yo, espesyalman sou Facebook, anpil diskisyon te fèt vandredi ki sot pase a apre desizyon administrasyon ameriken an pran pou klase gang Viv Ansanm ak Gran Grif kòm òganizasyon teworis entènasyonal.

Anpil moun te eksprime lajwa yo, panse ke gang yo pral finalman elimine. Reaksyon sa a, ki chaje ak efori, pi plis ke konpreyansib pou yon pèp ki sibi twòp zak mechanste ki soti nan men kriminèl san pitye ak san lalwa.

Gen anpil moun ki kwè ke avèk klasifikasyon sa a, kominote entènasyonal la, anba lidèchip Etazini, pral mete plis mwayen a dispozisyon pou soutni Fòs Multinasyonal Sekirite a ansanm ak Polis Nasyonal Dayiti (PNH).

Menm si gen kèk resous — byenke limite — ki deja mete a dispozisyon otorite yo, yo toujou pa ase. Epi klasifikasyon sa a poukont li pap chanje anyen an pwofondè si nou gade sa ki pase nan lòt peyi ki te viv sitiyasyon menm jan an. Sa ki prèske sèten, se ke konsekans yo ka katastrofik pou peyi a.

Okòmansman, mwen te reflechi sou dis gwo konsekans. Men finalman, mwen reyalize ke mwen ka mete yo an de kategori prensipal, san mwen pa diminye valè lòt yo.

Nan tèks sa a, n ap analize de konsekans prensipal pou yon peyi kote gen gwoup ki klase kòm òganizasyon teworis entènasyonal.

1. Pwoblèm sekirite rejyonal

Si w li kominike Depatman Deta Ameriken an, ou ka remake plizyè referans ki montre ke gang Viv Ansanm ak Gran Grif reprezante yon menas pou sekirite rejyonal.

Nan langaj pi senp: gang sa yo pa sèlman yon danje pou Ayiti, men yo reprezante yon risk tou pou lòt peyi vwazen, tankou Repiblik Dominikèn.

Pandan dènye Asanble Jeneral Nasyonzini an, Prezidan dominiken an, Luis Abinader, te lanse apèl pou gang ayisyen yo ta klase kòm òganizasyon teworis. Li te repete demann sa a pandan vizit Sekretè Deta Ameriken Marco Rubio nan Repiblik Dominikèn, jis apre li te fin konfime pa Sena a.

Nan yon dokiman Nasyonzini te pibliye an 2001 ki rele “Konba kont Teworis nan Kontèks Dwa Entènasyonal”, yo rekonèt dwa yon peyi pou antre sou tèritwa yon lòt peyi, si objektif se pou konbat òganizasyon teworis. Prensip sa a deja itilize nan Afganistan, Iran, Libi, Liban, elatriye. Men dokiman an presize ke nenpòt entèvansyon dwe fèt an akò ak konvansyon ak trete entènasyonal yo.

Kidonk, selon prensip sa a, Prezidan Abinader ka legalman voye sòlda li antre ann Ayiti, anba pretèks pou konbat teworis — sitou si n konsidere ke gen gang ayisyen ki deja ap avanse bò zòn fwontyè yo.

2. Izòlman ekonomik

Sanksyon ki asosye ak klasifikasyon sa a ka dekouraje envestisman etranje epi lakoz relasyon komèsyal deteryore, sa ki ka agrave plis kriz ekonomik peyi a deja ap travèse.

Li fasil panse ke sa pa enpòtan anpil, paske deja gen ti kras envestisman etranje ki fèt ann Ayiti. Men efè segondè yo byen reyèl, espesyalman sou sistèm finans lan: bank, kay transfè, mikwo-finans, elatriye.

Enstitisyon finansye entènasyonal yo ka mete plis restriksyon, sa ki ka ralanti transfè lajan — espesyalman transfè dyaspora a, ki se sous prensipal revni pou plizyè milyon fanmi ak pou fonksyònman ekonomi lokal la.

Izòlman sa a ap gen konsekans grav tou sou asistans imanitè, ki tounen esansyèl pou siviv popilasyon ayisyen an.

ONG yo ka fè fas ak obstak legal pou opere, akoz nesesite pou evite nenpòt kontak, menm endirèk, ak gwoup ki klase kòm teworis. Gen kèk gouvènman ki ka menm avèti sitwayen pa yo pou pa patisipe nan misyon imanitè ann Ayiti. Daprè Nasyonzini, asistans imanitè se prensipal sous alimantasyon pou plis pase mwatye nan popilasyon an.

An konklizyon, pou moun ki espere ke klasifikasyon gang sa yo kòm òganizasyon teworis ap mennen plis sekirite ann Ayiti, mwen pa la pou di kontrè a. Men sa ki klè, se ke mezi sa a ka pote anpil lòt konsekans grav sou plan sosyal, ekonomik, ak diplomatik.

Sa pa vle di se pesimis, men eksperyans lòt peyi ki pase pa menm sityasyon sa a dwe pouse nou reflechi sou enplikasyon posib yo. Se poutèt sa li enpòtan pou klasifikasyon sa a akonpaye ak sipò konkrè, ki byen planifye, nan men kominote entènasyonal la, pou limite efè negatif sou popilasyon ak sou enstitisyon lokal yo.

 

Pages

Share This Article