Emmanuel Paul | Rezo Televizyon Karayib la (CTN)
Pandan dat limit 7 me 2025 la ap pwoche pou aplikasyon nasyonal nouvo règ sou kat idantite federal yo (REAL ID), anpil imigran Ozetazini toujou pa fin konprann ki jan nouvo egzijans sa yo konsène yo.
Apre CTN te voye yon demann enfòmasyon, Administrasyon Sekirite Transpò Ameriken (TSA) bay kèk presizyon enpòtan sou ki kategori imigran ki oblije genyen yon REAL ID pou vwayaje nan peyi a.
Nan yon deklarasyon ekri yo voye bay redaksyon CTN, TSA eksplike kijan Lwa REAL ID lan afekte plizyè kategori imigran e kiyès ki oblije jwenn dokiman sa a.
“Sitwayen etranje ki abite legalman Ozetazini, tankou moun ki gen Green Card, dwe genyen yon REAL ID oswa yon lòt fòm idantifikasyon ki aksepte, epi yo ta dwe mete ajou lisans kondwi oswa kat idantite yo bay pa leta pou li vin konpatib ak egzijans REAL ID,” se sa yon pòtpawòl TSA te deklare nan repons li bay CTN.
TSA fè konnen kondisyon sa a konsène plizyè kategori imigran, tankou:
- Rezidan pèmanan legal (moun ki gen Green Card)
- Rezidan tanporè
- Moun ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS)
- Etidyan ki sou viza
Moun sa yo dwe asire ke lisans kondwi oswa kat idantite leta yo an konfòmite ak estanda REAL ID, sa vle di kat la dwe gen yon etwal koulè jòn oswa nwa sou li.
TSA mete aksan sou jan chanjman sa yo ap gen gwo enpak sou imigran san papye.
“Avèk aplikasyon REAL ID la, moun ki nan peyi a ilegalman p ap ka sèvi ankò ak kat idantite oswa lisans kondwi ki pa an règ pou vwayaje, sòf si yo deside retounen lakay yo volontèman,” selon pòtpawòl la.
Sa vle di, apati 7 me 2025, lisans oswa kat idantite ke yon leta bay ki pa konfòme ak estanda REAL ID yo p ap aksepte pou vòl domestik ni pou antre nan kèk enstalasyon federal—sòf si vwayajè a prezante yon lòt fòm idantifikasyon federal ki aksepte.
TSA fè konnen gen lòt dokiman altènatif ki ka itilize tankou paspò Ameriken, paspò etranje (nan kèk ka), kat pwogram “vwayajè konfyab” Depatman Sekirite Teritoryal (DHS) tankou Global Entry oswa SENTRI, ak kèk dokiman imigrasyon tankou Kat Otorizasyon Travay USCIS lan (Fòm I-766).
CTN ap kontinye swiv dosye sa a epi mete kominote imigran yo okouran de tout nouvèl enpòtan sou chanjman sa yo nan Florid, Massachusetts, ak New York.