Depite Ameriken Sheila Cherfilus-McCormick, ki se pitit Ayisyen, mande pou gen yon ankèt konplè ak transparan sou lanmò sispèk yon sitwayèn Ayisyèn ki te anba gad imigrasyon Ameriken nan.
Marie Ange Blaise, yon fanm Ayisyèn ki gen 44 lane, mouri vandredi swa nan Broward Transitional Center ki chita nan Pompano Beach, Florid. Li te anba gad Immigration and Customs Enforcement (ICE), ajans federal ki jere kesyon imigrasyon Ozetazini.
Lanmo li soulve gwo endiyasyon, sitou bò kote depite demokrat Florid la.
Pandan li t’ap pale devan Chanm Depite a mèkredi, depite Cherfilus-McCormick te kondane ak tout fòs fason ICE ap trete moun, ansanm ak politik imigrasyon administrasyon Trump lan, li rele yo “neglijan ak mechan depi premye jou yo.”
“Mwen mande yon ankèt total e transparan sou lanmò Marie a, epi mwen pral vizite Broward Transitional Center byento,” se sa li te deklare devan lòt palmantè yo, dapre sa ajans nouvèl UPI rapòte.
Dapre yon kominike ICE pibliye madi, Marie Ange Blaise te antre Ozetazini san okenn admisyon ofisyèl, e ni dat ni kote sa te fèt pa klè. Sou 12 fevriye, otorite Ladwàn te arete li nan ayewopò entènasyonal Henry E. Rohlsen nan Saint Croix, Zile Vyèj Ameriken yo, pandan li t’ap eseye monte nan yon avyon pou Charlotte, nan North Carolina.
Yo te ba li yon avi pou depòtasyon rapid, epi sou 14 fevriye, yo te mete li anba gad ICE nan San Juan, Pòtoriko. Apre sa, yo te transfere li nan Richwood Correctional Center nan Oakdale, Louisiana. Sou 5 avril, yo te deplase li pou mete li nan sant Pompano Beach la kote li te mouri twa semèn apre.
ICE konfime Marie Ange Blaise te mouri a 8:35 nan aswè vandredi 26 avril. Yo di y’ap mennen ankèt pou konnen kòz lanmò a.
Pou Depite Cherfilus-McCormick, responsablite ICE klè. Li fè konnen fanm lan te ap plenyen pandan plizyè èdtan pou doulè nan pwatrin, men li pa t’ resevwa swen ki nesesè yo.
“Yo ba li kèk grenn epi yo di li al kouche. Malerezman, Marie pa janm leve ankò,” se sa li deklare. “Fanmi li merite konnen verite a. Yo merite jistis.”
Lanmo sa rive nan yon moman kote administrasyon Trump ap kontinye mennen yon politik depòtasyon san pitye.
Daprè chif ICE, 65,682 imigran san papye te depòte pandan 100 premye jou prezidans lan, epi prèske 66,500 lòt te arete.
ICE fè konnen yo ogmante arestasyon ak depòtasyon yo anpil, men li asire tout moun ki anba gad yo resevwa swen medikal, dantè ak sante mantal.
Men, depite Cherfilus-McCormick rejte deklarasyon sa: “Yo trete imigran yo san respè, yo pa bay yo menm swen sante debaz,” se sa li fè konnen. “Sistèm sa a mete lavi moun an danje, sitou moun ki pi vilnerab yo.”
Lanmo Marie Ange Blaise relanse kritik ki te deja fèt sou kondisyon detansyon yo nan sant ICE yo. Plizyè ONG ak òganizasyon defans dwa moun te deja leve vwa yo sou sa. Depite Cherfilus-McCormick, ki se sèl fanm Ayisyèn-Amerikèn ki eli nan Kongrè a, di li pral kontinye mete presyon pou gen verite, jistis, ak chanjman politik.
“Se pa sèlman yon kesyon imigrasyon. Se yon kesyon limanite, jistis ak responsabilite,” li te konkli.
Depite Cherfilus-McCormick pa sèl ki kondane zak sa a. Reprezantan Frederica Wilson, ki reprezante yon pati nan konte Broward, tou kritike lanmò sa li di ki te kapab evite si pa t’ genyen yon politik imigrasyon mechan ak diskriminatwa administrasyon Trump mete an plas.