Yon dam ki gen 70 lane, ki se yon rezidan legal Ozetazini jwenn arestasyon nan aewopò Logan Boston pandan li t ap retounen soti nan yon vwayaj entènasyonal. Plizyè òganizasyon ki defann dwa imigran yo denonse zak sa a kòm mechan e inimen.
Dapre Miami Herald, Ruth Mufute, yon rezidan Worcester nan eta Massachusetts, te arete pa ajan U.S. Customs and Border Protection (CBP) nan dat 29 avril apre li te retounen soti Zimbabwe.
Dapre gwoup aktivis yo, tankou Student Clinic for Immigrant Justice ak Neighbor to Neighbor, rezon egzak arestasyon an poko klè.
Nan yon deklarasyon yo pibliye 30 avril, òganizasyon sa yo fè konnen Madan Mufute se yon manm Student Clinic for Immigrant Justice, kote li sèvi kòm responsab devlopman.
Jonathan Goldman, direktè egzekitif òganizasyon an, deklare bay Worcester Telegram & Gazette ke Madan Mufute se “yon aktivis kominotè depi lontan.”
madanm nan pase plis pase 24 èdtan an detansyon anvan li te libere sou lòd yon jij, dapre sa Miami Herald rapòte.
Liberasyon an te vini imedyatman apre gwoup sipò yo te òganize yon konferans pou laprès ak yon manifestasyon devan tribinal federal la nan Boston.
Nan yon imèl yo voye bay McClatchy News, Neighbor to Neighbor deklare “gen anpil mank enfòmasyon sou rezon arestasyon li nan moman sa a.” Òganizasyon an ajoute: “Ruth se yon detantè kat vèt legal ki abite Worcester, epi sèl sa ki parèt kòm fòt li se lefèt ke li kolabore ak yon òganizasyon san bi likratif ki rekonèt pou defann dwa imigran yo.”
Nan yon deklarasyon pou laprès, Dálida Rocha, direktè egzekitif Neighbor to Neighbor, kondane sitiyasyon an kòm “inyeptab.” Li deklare: “Avèk laj li, tretman sa a pa sèlman mechan, li danjere.” Li kontinye pou l di: “Nou bezwen klate sou dosye sa a ak garanti ke yo trete li avèk jistis ak respè pou lalwa,” dapre Miami Herald.
Madan Mufute, ki se tou yon granmè, ap viv nan Worcester, yon vil ki sitiye apeprè 45 mil lwès Boston. Li pa t gen okenn dosye lajistis k ap tann epi li gen yon dosye ki pwòp.
Dapre Miami Herald, otorite federal yo poko reponn demann enfòmasyon yo sou arestasyon aktivis sa a, ki trè respekte nan kominote li pou angajman li pou ede moun ki plis vilnerab yo