Plizyè lidè politik ayisyen reaji favorabman apre Etazini deside ofisyèlman klase gwoup ame Viv Ansanm ak Gran Grif kòm òganizasyon teworis entènasyonal. Mezi sa a, ki fèk anonse, vini apre yon demann ofisyèl ki te voye bay Sekretè Deta Ameriken Marco Rubio nan mwa janvye ki sot pase a.
Nan yon deklarasyon komin ki pote siyati Pascal Adrien ak André Michel (Akò 21 Desanm), ansanm ak Claude Joseph ak Claude Édouard (EDE — Angaje pou Devlopman), siyatè yo salye yon desizyon yo konsidere kòm “istorik”, pandan y ap lanse apèl pou plis aksyon.
Yo kwè desizyon sa a se yon etap enpòtan, men li dwe swiv ak yon plan entènasyonal pou demantle efektivman gwoup kriminèl sa yo ki mete Ayiti anba ensekirite ak laterè. Yo mete aksan sou nesesite pou ogmante sipò pou Misyon Multinasyonal Sipò Sekirite a (MMSS), epi pou bay Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) ak Lame Ayisyen plis mwayen pou aji.
“Pep ayisyen an twòp soufri,” jan yo fè remake sa, pandan y ap raple kantite viktim kidnapin, kadejak, asasina, ak deplasman fòse gwoup ame sa yo lakoz. Daprè yo, kominote entènasyonal la dwe kenbe presyon an epi aji ansanm pou mete fen nan klima laterè sa a.
Deklarasyon sa a tradwi volonte politik pou gen plis kowòdinasyon devan ensekirite k ap ogmante a, ak espwa desizyon Etazini pran pou rekonèt gwoup sa yo kòm òganizasyon teworis ap louvri chemen pou aksyon pi solid ak konkret sou teritwa a.
Li enpòtan pou fè konnen ke responsab politik ki sòti nan Akò 21 Desanm ak pati Angaje pou Devlopman (EDE) te voye yon lèt ofisyèl bay Sekretè Deta Ameriken Marco Rubio pou mande entegrasyon Viv Ansanm sou lis òganizasyon teworis yo. Yo te fè menm demach la tou 27 janvye, bay Sekretè Jeneral Nasyonzini an, António Guterres, an referans ak rezolisyon Asanble Jeneral Nasyonzini an ki te vote 8 septanm 2006 la. Siyatè yo konsidere gwoup kriminèl sa a kòm yon danje ki merite rekonesans entènasyonal pou zak vyolan ak destabilizasyon li mete sou peyi a.