114 imigran arete nan nuit ki sòti Samdi pou rive Dimanch nan yon klib nwit nan Colorado Springs

Emmanuel Paul

Nan yon operasyon spektakilè ki fèt Dimanch bonè nan maten, otorite yo arete 114 imigran nan yon klib nwit ilegal nan Colorado Springs, dapre sa Daily Mail rapòte.

Operasyon an te dirije pa divizyon Mòn Wòch Drug Enforcement Agency (DEA) epi li te mobilize plizyè ajans lokal ak federal.

Anviwon 3è dimaten, plizyè dizèn ajan ame te antoure etablisman an, sa ki lakoz panik pami moun ki t ap fè fèt yo. Dapre Daily Mail, kèk fanm ki te mete rad swa ak soulye talon te parèt boulvèse devan sèn nan, pandan lòt te jete tèt yo atè lè yo wè lapolis yo.
Youn nan patisipan yo, ki te parèt pè, leve bra l epi mete l ajenou dèske li remake prezans fòs de lòd yo, dapre Daily Mail.

Entèvansyon sa a fèt nan kad yon ankèt sou aktivite trafik dwòg, pwostitisyon ak vyolans ki t ap fèt andedan klib la, dapre sa DEA presize.
Jonathan Pullen, ajan espesyal ki responsab divizyon DEA nan Mòn Wòch yo, eksplike ke etablisman an te frekante pa manm gang notwa tankou Tren de Aragua, MS-13 ak Hells Angels. Sepandan, “li difisil pou di konbyen manm gang sa yo ki te sou plas pandan operasyon an”, dapre sa l te deklare, jan Daily Mail rapòte. Jounal la fè konnen tou, anpil nan moun ki te arete yo pa san papye.

Sitiyasyon an pran yon lòt dimansyon lè yo revele plis pase yon douzèn sòlda aktif te sou plas nan klib la, kèk kòm kliyan, lòt kòm ajan sekirite.
Lame Ameriken an ouvè yon ankèt atravè divizyon ankèt kriminèl li a, dapre Pullen.

Majorite moun yo te arete yo transfere yo bay sèvis Imigrasyon ak Ladwàn Ameriken (ICE), dapre sa Daily Mail rapòte. Plizyè zam ak divès kalite dwòg, tankou “kòkayin woz” oubyen “tusi”, te sezi. Analis yo ap fèt kounye a pou idantifye tout sibstans ki te jwenn yo.
“Colorado Springs ap reveye ak yon vil ki pi an sekirite Dimanch maten sa a,” Jonathan Pullen te deklare ak satisfaksyon. Li presize tou ke pifò sispèk yo pral fè fas ak akizasyon federal pou imigasyon. Sepandan, li rekonèt ke kèk ladan yo pa p ap pouswiv pou posesyon dwòg, paske li difisil pou pwouve posesyon nan kalite operasyon sa yo.

Operasyon sa a nan Colorado fèt kèk tan apre yon lòt gwo kanpay ICE te mennen ann Florid, ki rele “Operation Tidal Wave”. Preske 800 imigran te arete nan fen operasyon sa a. Pami yo, te gen kriminèl rechèch tankou Jose Sanchez Reyes, yon Kolonbyen kondane pou asasina; Rafael Juarez Cabrera, yon manm sipoze MS-13 ki te antre ilegalman Ozetazini twa fwa; ak Savva Klishchevskii, yon Ris ki sou lis Interpol pou omisid involontè.

Direktè ICE la, Todd Lyons, te deklare bay ABC News ke estrateji masiv sa a vize “asegire sekirite kominote lokal yo epi retire menas ki poze sekirite piblik nan katye nou yo”.
Nan yon entèvyou li te bay Boston Herald semèn pase a, Todd Lyons te anonse tou ke operasyon masiv pral fèt nan Boston.
Pandan fen semèn nan, plizyè imigran te arete nan Winthrop, yon katye nan lès Boston ki gen yon gwo kominote Ispanik

Pages

Share This Article