Yon septyajenè komèt suisid nan

CTN News

Viktim ki rele Désir Gédéon te gen 76 an. Li te mete fen nan lavi li lendi 20 jen 2022 sa a li pandye a ak yon kòd. Zak la dewoule nan lokalite Tamaren, ki chita nan twazyèm seksyon kominal Ti Rivyè Nip Jij lapè Stuva Barbier te fè rapò legal sou kò a epi remèt kò viktim nan bay fanmi li. Suisid rete youn nan kòz prensipal lanmò nan mond lan, dapre dènye estimasyon OMS, ki te pibliye an 2019, ki anrejistre 700,000 lanmò akòz krim entansyonèl sa a. Dieuva Occidor C.I Wisnel Desanm

Pages