fbpx

Politik depòtasyon pa bann ak pa pakèt: Plizyè Responsab sèvis imigrasyon panse plan Donald Trump lan enposib pou ekzekite

Emmanuel Paul
Emmanuel Paul - Journalist/ Storyteller
Deux agents de l'ICE procédant à l'arrestation d'une personne. Source : ICE

Plizyè responsab sèvis imigrasyon ameriken  kòmanse diminye espwa yo konsènan pwomès kanpay Donald Trump fè pou depòte tout imigran ki pa gen papye  Ozetazini.

Dapre Kenneth Genalo, direktè sèvis Imigrasyon ak Ladwann (ICE) nan New York, li prèske enposib pou prezidan k ap vini an mete an aplikasyon pwomès li te fè pandan kanpay li pou depòte plis pase 11 milyon imigran san papye Ozetazini.  47èm prezidan Etazini an ta ka pa kapab depòte imigran menm imigran ki gen pwoblèm ak lajistis ameriken.

Nan yon entèvyou li bay New York Post, direktè rejyonal imigrasyon an deklare: “Sa ta pran tout yon lavi pou retire tout kriminèl nou genyen nan vil la,” sitou nan sikonstans aktyèl yo. Fristrasyon li an fèt akoz lwa ki reglemante vil refij yo, ki limite kolaborasyon ant lapolis lokal ak ajans federal imigrasyon yo.

Lwa sa yo, ki te tabli pandan manda Bill de Blasio kòm majistra New York, fèt pou pwoteje kominote imigran yo kont depòtasyon ki pa jis. Sepandan, dapre Mesye Genalo, lwa sa yo, san fè espre pwoteje moun ki danjere: “Majorite krim sa yo fèt sou moun ki pi vilnerab nan kominote a, espesyalman fanm ak timoun imigran,” li te di.

Preokipasyon Mesye Genalo soulve a reflete yon pwoblèm ki pi laj sou fason lwa yo aplike. Nan anviwon 7.8 milyon imigran ki san papye Ozetazini, plis pase 662 000 ladan yo gen dosye kriminèl.

Menmsi ICE ta dwe konsantre sou “pi move nan pi move yo”, ajans lan pa gen resous ase pou rezoud pwoblèm nan avèk efikasite, dapre responsab rejyonal sèvis imigrasyon an.

Depòtasyon pa bann ak pa pakèt: Yon rèv enposib

Kenneth Genalo pa sèl moun ki sispèk politik depòtasyon masiv Donald Trump la pa ka reyisi.

Ansiyen Sekretè Sekirite Enteryè nan administrasyon Obama, Jeh Johnson, te eksplike defi politik depòtasyon masiv prezidan ekstrèm dwat ameriken an pral genyen. Pandan li t ap patisipe nan emisyon Meet the Press, Johnson te montre gwosè travay la: Depòte chak imigran san papye ta vle di retire yon popilasyon ki egal a “de vil tankou New York.” Sa ki totalman enposib, dapre li.

Li te soulve konpleksite lojistik ak etik apwòch sa a epi li te konseye mete priyorite. “Kòmanse ak kriminèl yo, kòmanse ak moun ki reprezante yon menas pou sekirite nasyonal, moun ki fèk travèse fwontyè a,” li te rekòmande, pandan li mete aksan sou enpòtans pou konsantre sou danje imedya olye pou yo chache vize imigran ki gen lontan k ap viv anpe nan peyi a.

Opozan politik depòtasyon masiv yo souliye konsekans negatif li sou fanmi ak kominote yo. Anpil imigran ayisyen ak lòt peyi ap viv Ozetazini depi plizyè lane, kontribye nan sosyete a pandan y ap elve timoun ki se sitwayen ameriken. Atake moun sa yo ka kraze fanmi yo epi agrave difikilte yon gwoup moun ki deja vilnerab, dapre avètisman Johnson.

Imigran ayisyen yo devan enkyetid

Kominote ayisyen an Ozetazini se yon egzanp klè sou rezistans ak defi lavi imigran yo. Anpil ladan yo te chape anba kriz politik, dezas natirèl, ak pwoblèm ekonomik pou yo jwenn sekirite ak opòtinite.

New York se youn nan vil ki akeyi plis Ayisyen, ki depase 200 000 moun nan Big Apple. Vil la konsidere kòm yon vil refij kote imigran yo jwi yon kalite pwoteksyon otorite lokal yo ofri. Men, pwoteksyon sa a ta ka tanporè. Majistra New York deja eksprime volonte li pou kolabore ak pwochen prezidan ameriken an.

Chèche yon apwòch balanse

Genalo ak Johnson tout de defann yon apwòch balanse nan fason lwa imigrasyon aplike, men yo fè sa nan diferan ang.

Pou Genalo, priyorite a ta dwe mete sou alokasyon resous, pandan Johnson pwopoze pou kòmanse ak moun ki gen dosye kriminèl. Sepandan, Johnson mete aksan tou sou enpòtans konpasyon epi ankouraje politik ki rekonèt imanitè imigran yo, ki gen anpil nan yo ki etabli lavi yo Ozetazini e ki kontribye anpil nan ekonomi ameriken an.

Kolaborasyon ant otorite lokal ak federal yo enpòtan anpil pou yo ka adrese defi sa yo. Majistra New York, Eric Adams, ki te toujou sipòte imigran yo, resamman chanje diskou li depi Donald Trump fin re-eli. Li fè konnen resous vil la sou presyon akoz kantite imigran ki nan vil la. Li sijere revize politik konsènan ka azil yo. “Majistra a konprann nesesite pou kolabore,” dapre Genalo, ki se yon sipòtè fèm Donald Trump.

Pou imigran ayisyen yo, defi yo gen yon nati pèsonèl anpil. Anpil nan yo te chape anba difikilte enposib e yo rive Ozetazini ak espwa pou estabilite ak sekirite. Sepandan, klima aktyèl la souvan kite yo nan yon eta enkyetid: vilnerab pou yo eksplwate, epi pè depòtasyon pou yo retounen an Ayiti, yon peyi k ap lite ak tout kalite pwoblèm.

Eksperyans imigran ayisyen yo Ozetazini montre gwo deba sou kesyon imigrasyon an. Jwenn yon balans ant aplike lwa yo ak konpasyon mande politik nuanse ki reponn bezwen sekirite san yo pa neglije imanite moun ki ap chèche yon lavi miyò nan peyi Donald Trump, yon prezidan ki gen madanm li menm se yon imigran ki pa gen lontan li te  jwenn nasyonalite ameriken.