Pandan Prezidan-eli Donald Trump ap prepare pou pran fonksyon li, reform imigrasyon an rete nan tèt pami dosye k ap fè aktialite nan peyi Etazini.
Gen plis pase 11 milyon moun san papye Ozetazini. Men premye kategori moun Trump kapap kòmanse fè depòte
Dapre yon rapò ki soti nan Fox News, genyen apeprè 1.4 milyon imigran san dokiman k ap viv Ozetazini kounye a ki te deja resevwa lòd deportasyon men ki toujou rete nan peyi a.
Administrasyon Trump ki ap vini an te anonse plan pou deportasyon masiv, ak yon fokis an patikilye sou moun san dokiman ki gen dosye kriminèl.
Dapre medya Ladwat epi konservatè Fox News, jij imigrasyon federal yo te bay lòd pou apeprè 1.4 milyon moun kite Ozetazini. Nan kantite sa a, sèlman anviwon 13,000 nan moun sa yo nan men ajan imigrasyon nan prizon, daprè sa Fox News fè konnen.
Yon ofisyèl ki nan gouvènman ameriken an, ki te pale ak medya a, te fè konnen, “Malgre kantite ki relativman piti nan detansyon, yon pati konsiderab kontinye ap viv ilegalman nan peyi a, san yo pa respekte lòd deportasyon yo.”
Done estatistik sa yo genyen ladan yo moun ki rive nan bout pwosedi imigrasyon yo, byenke kèk ka toujou ap pousuiv apèl legal. “Chif sa yo reprezante ka ki akimile sou plizyè ane ak diferan peryòd administrativ, ki reflete pwosesis kontinyèl lòd depòtasyon ki genyen pou moun sa yo,” daprè sa ofisyel la te fè konnen.
Li enpòtan pou n fè remake chif sa yo pa enkli moun san dokiman ki nan prizon nan Eta, oubyen nan Vil.
Nan yon entèvyou resan ak Fox News Digital, Komisyonè Texas la, Dawn Buckingham, te detaye apwòch eta a pou sipòte efò depòtasyon federal yo. Texas te pwopoze bay plis pase 1,400 ekta tè nan Rio Grande Valley pou fasilite mezi egzekitif sa yo.
Rejyon Rio Grande Valley la, ki sitiye sou fwontyè Ozetazini ak Meksik se yon zòn ki enpòtan pou operasyon egzekitif imigrasyon nan kad pwosesis depòtasyon pa bann ak pa pakòt Donald Trump anoinse a.
Strateji mas depòtasyon ki pwopoze a rankontre ak gwo rezistans nan plizyè Eta ak minisipalite ak lòt enstitisyon. Sa pa gen lontan Los Angeles ofisyèlman te adopte yon òdinans kote li klase tet li vil santyè sa vle di kote imigran kapap chache refiz pou gouvènman federal pa depòte yo. Sa ki reprezante on gwo defi pou ajennda imigrasyon prezidan eli Donald Trump k ap bezwen kolaborasyon Eta ak Vil yo pou ekzekite plan depòtasyon l lan.
Aprè Los Anjelès, genyen tou Distrik Lekòl Inifye nan menm vil la ki deklare tèt li kòm yon distri sanktyè tou, kikond k ap aplike politik ki anpeche anplwaye yo kolabore volontèman ak otorite imigrasyon oswa revele estati imigrasyon elèv yo.
Anpil lòt vil ki anba kontwòl Demokrat yo te adopte politik ki sa tou pou anpeche gouvènman federal la al pèsekite sitwayen nan Vil pa yo sou baz estati imigrasyon yo.
ICE te kontinye eksprime fristrasyon li ak politik non-koperasyon jiridiksyon santyè sayo. Dapre Fox News, “Otorite imigrasyon yo te kritike vil santyè yo poutet y ap chache minimize epi fè echèk a jefò egzekitif, espesyalman nan ka kote imigran san dokiman ki gen istwa kriminèl komèt lòt ofans apre yo fin lage soti nan jiridiksyon lokal.”
Pandan kanpay li a ak period tranzisyon prezidansyèl, Donald Trump pa janm rate lokazyon pou fè konnen angajman administrasyon li ap pran pou bay priyorite pou depòtasyon imigran san dokiman ki gen dosye kriminèl. Jan Foxnews rapòte sa, “Prezidan eli Donald Trump te pwomèt pou aplike deportasyon pa bann ak pa paket pandan y ap mete aksan prensipalman sou imigran san dokiman ki gen gwo listwa kriminèl.” Moun sa yo Donald Trump di l ap kòmanse depòte yo depi premye jou li pran fonksyon 20 janvye k ap vini la.
Pandan lidèchip Repibliken an ak ofisyèl eta yo, espesyalman nan Texas, te eksprime sipò fò pou inisyativ depòtasyon administrasyon an, plan sa fè fas ak anpil obstak operasyonèl, sosyal, ak ekonomik.
Egzekite depòtasyon nan nivo sa a mande anpil resous moun, lajan, ak gwo kowòdinasyon konplike ant ajans, ak koperasyon enpòtan atravè jiridiksyon nan Eta ak Vil yo. Eta ak Vil sanktyè yo pa antre nan lojik Donald Trump la. Sa ki reprezante on yn gwo obstak pou jefò Donald Trump ap fè pou voye tounen nan peyi yo plizyè milyon moun k ap chache lavi nan peyi Etazini.
Nan kominote imigran yo, ki gen ladan popilasyon ayisyen an, posibilite pou voye tounen anpil moun nan peyi yo lakòz gen anpil sitwayen Ayisyen k ap viv nan lapèrèz ak enkyetid akòz malè depòtasyon ki pandye sou tèt yo. Anpil fanmi deja antrepran pwosesis pou kapap swa ale viv nan Eta ak Vil sanktyè, oubyen travèse nan peyi Kanada oubyen ankò tounen nan peyi kote yo t ap viv anvan tankou brezil ak Chil. Men tounen Ayiti a sanble pa yonn nan opsyon pou anpil nan moun sa yo lè nou konsidere kijan sitiiasyon sekirite a difisil nan peyi Dayiti.
Popilasyon ayisyen an reprezante yon pati remakab nan rezidan ki san otorizasyon apwopriye k ap viv Ozetazini. Yon gwo kantite nan moun sa yo antre Etazini aprè gwo katastwòf ki te pase Ayiti nan dat 12 janvye nan lane 2010 kote on gwo tranbleman tè te fè gwo dega epi touye plis pase 300 mil moun. Se aprè gwo katastwòf sa dirijan nan peyi Etazini t ap al deside bay Estati pwoteksyon Tanporè (TPS) a Ayisyen. Aprè sa gen plizyè lot pwogram tou ki kreye tankou pwogram liberasyon kondisyonèl ki gen ti non jwèt Pwogram Biden. Men plizyè milye moun ki vini nan pwogram sa ki preske sèten pral kanpe sou administrasyon Trump lan.
Gwo dimansyon inisyativ deportasyon an, ansanm ak rezistans ki soti nan jiridiksyon sanktyè yo, montre nati konpleks politik imigrasyon Ozetazini. Diferans klè ant apwòch federal ak lokal yo reflete tansyon ki kontinye sou objektif sekirite nasyonal gouvènman federal ak pwoteksyon kominote imigran yo vil sanktyè yo ofri.
Pou imigran ayisyen yo espesyalman, politik sa yo ka gen yon enpak pwofon sou kapasite pou yo kontinye viv rezidans Ozetazini, jwenn sèvis esansyèl, ak prezève koneksyon enpòtan ak fanmi ak kominote yo. Òganizasyon sipò yo kontinye bay asistans legal ak enfòmasyon enpòtan sou dispozisyon moun ki nan sitiasyon ki pa fin korek nan kesyon imigrasyon dwe pran.
Gen anpil resous ki disponib pou moun ki bezwen pwoteksyon pou gouvènman federal pa depòte yo. Suivan Eta ak Vil wap viv la ou kapap jwenn sèvis ki disponib pou ou siw nan sitiasyon sa. Ou dwe chache konnen pi rapid posib pou w pa viktim.
Pou plis enfòmasyon
Analiz sa a sòti nan enfòmasyon ki bay pa Fox News. Ou ka jwenn atik konplè a atravè lyen sa a: https://www.wwlp.com/news/local-news/hampshire-county/ice-takes-one-person-into-custody-in-northampton-local-and-state-officials-say-this-is-not-a-part-of-mass-deportation/
CTN rete angaje pou bay mizajou ak resous kontinyèl pou ede imigran ayisyen yo ki ap navige nan kondisyon konplike sa.