Nan konferans pou laprès li te bay 5 septanm 2024 anvan l kite Ayiti, Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken te repete angajman Lèzetazini te pran pou sipòte tranzisyon Ayiti a pou l vin jwenn estabilite ak demokrasi. Li te mete aksan sou pwogrè ki fèt tankou fòmasyon yon gouvènman tranzisyon ak efò sekirite pou konbat vyolans gang, ki te sipòte pa Misyon Sipò pou Sekirite Miltinasyonal Nasyonzini (MSS) ak Polis Nasyonal Dayiti, ak kontribisyon Kenya ak lòt nasyon. Mesye Blinken te anonse èd imanitè adisyonèl peyi Etazini e li te mete aksan sou enpòtans pou renouvle manda MSS la. Li te pale tou sou rekiperasyon ekonomik alontèm Ayiti, li te mete aksan sou nesesite pou envestisman etranje, sitou nan endistri twal la, e li te reyafime sipò Etazini pou pwochen eleksyon yo ak etablisman yon enfrastrikti sekirite dirab.
Men transkripsyon konplè konferans pou laprès Sekretè Deta Ameriken an.
SEKRETÈ BLINKEN: Mwen te vini ann Ayiti jodi a pou m rankontre Premye Minis Conille, Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la ak lòt ofisyèl politik ak sekirite pou fè avanse angajman kòmen nou pou yon Ayiti an sekirite e ki gen demokrasi.
Mwa Mas pase a, nou te ale Kingston, nan peyi Jamayik, ansanm ak lidè CARICOM yo ak lòt pati ki gen enterè kle yo, Ayisyen ak lòt patnè andeyò rejyon an, pou rasanble sipò rejyonal la pou yon tranzisyon politik dirije pa ayisyen.
Depi lè sa a, dirijan politik Ayisyen yo te vin etabli yon Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl. Gen yon gouvènman ki gen yon premye minis pwovizwa, yon kabinè, e nou wè enstitisyon sa yo ap avanse pou fè travay pèp ayisyen an atann de yo.
Lèzetazini apresye le fèt ke dirijan ayisyen yo mete diferans yo sou kote e yo ap travay ansanm pou mete peyi a sou chemen eleksyon lib e jis. E nou ap tann avèk anpil enpasyans pou PTC nome rapid vit yon Konsèy Elektoral Pwovizwa pou òganize eleksyon sa yo. E sa se pwochen etap ki pi enpòtan an.
Nou salye tou efò Ayiti ap fè pou reponn ak dènye akizasyon koripsyon ki fèt yo epi ankouraje transparans ak responsabilite. Eleman sa yo esansyèl pou gouvènman tranzisyon an kenbe konfyans pèp ayisyen an.
Jan Etazini te demontre ak dènye sanksyon li pran kont ansyen Prezidan Martelly, n ap sèvi ak tout zouti nou genyen pou nou fè moun ki responsab ak fasilite vyolans, trafik dwòg ak enstabilite rann kont de zak yo.
Ansanm ak pwosesis politik sa a, n ap deplwaye tout efò ki nesesè pou mete an plas yon baz fò pou tabli yon klima sekirite solid. An patikilye, misyon sipò sekirite miltinasyonal la, ke Nasyonzini te mete sou pye epi otorize ane pase a, ki fè gwo pwogrè. Pandan dènye mwa ki sot pase yo, plis pase 380 manm pèsonèl kenyen rive pou sipòte Polis Nasyonal Dayiti nan misyon sa a, ak plis ap gen pou vini ankò.
Nan semèn ki sot pase yo, MSS, an kolaborasyon ak Polis Nasyonal Dayiti, òganize plizyè operasyon konjwen, ki mennen batay kont gang yo e ki bay yon mesaj solid: Se pèp ayisyen an, e non gang ayisyen yo, ki pral ekri avni peyi an.
Kòm yon rezilta, ayewopò an relouvri. Vòl komèsyal yo rekòmanse, sa ki pèmèt machandiz antre nan peyi a. Nan sèten katye Pòtoprens, aktivite ekonomik vin pi entansifye, mache yo relouvri e moun ap kite kay yo pou al regle aktivite.
Nan rankont mwen te genyen jodi a ak responsab misyon sekirite a, polis nasyonal la, nou te diskite sou fason pou nou asire ke pèsonèl sekirite yo byen fòme, byen ekipe e responsab pou yo ka travay ansanm pou konbat vyolans ak enstabilite ak efikasite, epi kenbe Ayiti an aktivite.
Lèzetazini, bò kote pa l, deja bay plis pase 300 milyon dola pou sipòte misyon miltinasyonal sa a – voye machin blende, radyo, linèt vizyon lannwit, mete kanpe yon baz operasyon konplè – epi n ap bay plis èd isit la pi vit.
Nou te bay lapolis ayisyen 200 milyon dola tou depi 2021, pou ede yo fòme ak ekipe nouvo rekri yo ansanm ak inite espesyalize anti-gang yo.
Nou apresye lidèchip endispansab Kenya, Prezidan Ruto, ansanm ak kontribisyon CARICOM ak kominote entènasyonal la.
Kanada se youn nan patnè ki pi solid ak pi dirab Ayiti genyen, li konsakre plizyè milyon dola nan fòmasyon ak ekipman pou sipòte Polis Nasyonal Dayiti ak misyon sipò sekirite miltinasyonal la.
Jamayik, kòm kòmandan adjwen misyon sa a, pran angajman pou l voye pèsonèl pa l ann Ayiti. Salvador voye yon ekip evakyasyon medikal.
Men, nan moman kritik sa a, nou bezwen plis lajan, plis pèsonèl, pou sipòte ak reyalize objektif misyon sa a.
Etazini ap travay aktivman pou jwenn sipò adisyonèl sa a. Nan kèk semèn, nou pral nan Nasyonzini pou Asanble Jeneral la. Mwen gen entansyon konvoke yon reyinyon ministeryèl pou ankouraje pi gwo kontribisyon pou ede satisfè bezwen sekirite, ekonomik ak imanitè Ayiti, epitou pou renouvle manda misyon an, ki ekspire nan kòmansman mwa oktòb la.
Lèzetazini pran angajman tou pou sèvi ak baz sekirite sa a pou sipòte epi libere potansyèl pèp ayisyen an.
Nou se pi gwo kontribitè èd imanitè ann Ayiti. Sa gen ladan yon lòt $45 milyon dola nan asistans imanitè ke m ap anonse jodi a, ki pote total èd Etazini an plis pase $210 milyon ane sa a. Sa vle di plis manje, plis dlo, plis asenisman, plis sèvis sante ak sipò pou yon lòt milyon edmi ayisyen.
Alontèm, Lèzetazini ap travay pou remèt Ayiti sou yon chemen kwasans ak opòtinite, plis presizeman atravè yon estrateji tout gouvènman Etazini ak pati prenant ki gen enterè Ayiti yo devlope pou anpeche konfli ak ankouraje estabilite isit ann Ayiti.
Nou konsantre sitou sou ranfòsman sektè rad la, ki reprezante yon ka nan PIB peyi Dayiti, 90% ekspòtasyon li e ki anplwaye plizyè dizèn milye ayisyen.
Pwogram Preferans Komès Ameriken HOPE/HELP lan se yon pati enpòtan nan efò sa a, paske li ankouraje konpayi yo pou yo lokalize faktori isit epi li pèmèt rad ki te pwodwi an Ayiti yo ekspòte san yo pa peye dwa Ozetazini.
Lejislasyon esansyèl sa a ap ekspire ane pwochèn, se poutèt sa n ap travay ak Kongrè nou an pou re-otorize li byen vit. N ap kontinye travay tou an patenarya ak gouvènman ayisyen an pou rann li pi fasil pou konpayi yo fè biznis ann Ayiti.
Nou trè klè sou sa ki nesesè pou fè fas ak defi Ayiti yo. Gen anpil travay ki pou fèt. Defi yo konsiderab. Men, mwen panse ke nan kèk èdtan mwen te pase isit la jodi a, rankontre ak lidè yo, pale ak moun, ak plonje tèt mwen nan travay nou te fè nan dènye mwa yo, te pèmèt mwen wè yon fòmidab rezistans ak yon emèjans – reyaparisyon -lespwa.
Nou wè sa nan nouvo jenn rekri lapolis la ki pare pour reprann kontwòl kominote yo.
Nou wè sa pami sitwayen ki konstate gouvènman tranzisyon an kòmanse abòde defi yo seryezman e ak detèminasyon.
Nou wè sa nan paran ki ka yon lòt fwa ankò imajine ale nan mache ak makèt yo, voye pitit yo lekòl san kè sote.
Tout moun mwen rankontre jodi a gen sousi pou peyi sa a epi yo pran angajman pou lavni li.
E mwen vle pèp ayisyen an konnen ke Etazini avèk li – ap kanpe avèk li – e anpil lòt peyi tou.
Kidonk mwen panse ke nou te fè yon bon demaraj nan fè Ayiti vanse, men gen anpil bagay ki pou fèt toujou. Nou detèmine pou nou kontinye. Nou detèmine pou nou ede pèp ayisyen an kreye avni li merite a.
KESYON Rothchild Francois, Radio RFM.: (Atravè yon entèprèt) Mesye Sekretè Deta Antony Blinken, ou fèk anonse yon nouvo èd imanitè pou Ayiti. Èd imanitè enpòtan, men peyi a bezwen tou envestisman ki enpòtan pou kwasans ekonomik ak kreyasyon travay ak richès ann Ayiti. Ou wè, yon fwa nou fin rezoud pwoblèm sekirite a, ki jan Lèzetazini pral kontinye ede Ayiti rebati avni li lè gang yo elimine?
SEKRETÈ BLINKEN: Kesyon an se kisa nou ka fè pou ede Ayiti devlope ekonomi li. Èd imanitè esansyèl, men nou dwe tou, jan kesyon an sijere li an, fè lòt bagay.
E a laverite sè ke nou fè li deja e nou ap kontinye fè li. Anplis èd imanitè an, si nou gade dèyè nan dènye ane yo, remonte jiska 2021, nou te bay plis pase $800 milyon dola nan devlopman, asistans ekonomik ak sante, ansanm ak èd pou sekirite. Anplis de sa, gen èd imanitè. Donk ou gen rezon, absoliman e envestisman sa yo nan aktivite ekonomik debaz Ayiti yo ak tout sa ki bezwen fèt pou soutni yo esansyèl, e n ap kontinye fè sa.
Mwen mansyone lwa HOPE/HELP ki te esansyèl nan sipòte sektè rad la, ki se kè ekonomi ayisyen an. Nou vle renouvle li. Li ap ekspire ane pwochèn. Men, lwa sa a te esansyèl paske li ankouraje konpayi yo pou yo tabli izin ann Ayiti pou pwodui rad ki vin vann Ozetazini ak nan tout rejyon an. Mezi sa yo ansanm ak lòt, plis yon pwogram ki fè pati Global Fragility Act, prevwa yon plan dezan pou Ayiti nan lide pou sipòte devlopman li epi anpeche enstabilite, men tou pou ankouraje aktivite ekonomik.
Se poutèt sa, tout eleman sa yo dwe reyini ansanm. Men, mwen repete premye bagay pou fè se asire keyon baz sekiritè mete an plas, e se sa k ap pase kounye a ak MSS la ak Polis Nasyonal Dayiti. Gen anpil travay toujou pou fèt, men bagay yo kòmanse ap bouje. Nou vle tou asire ke Ayiti tounen sou wout demokrasi, sa vle di eleksyon ane pwochèn.
KESYON Sheilla Louis Joseph, Radio Métropole: Èske dezi pou transfòme MSS lan an yon misyon pou mentni lapè an Ayiti p ap rankontre opozisyon Larisi ak Lachin, ki gen dwa veto? E ki sa ki pral rive apre 2 oktòb 2024?
SEKRETÈ BLINKEN: Premyèman, mwen panse li enpòtan pou sonje se tout Konsèy Sekirite Nasyonzini an ki te sipòte misyon sipò sekirite miltinasyonal la, e mwen panse se paske li te klè ke misyon sa a enpòtan pou pèp ayisyen an ak pou avni peyi sa a, li enpòtan pou tout peyi nan rejyon an, e ke nou wè menm peyi ki pi lwen pase rejyon an eksprime klèman enpòtans ke misyon an genyen, paske yo konnen ke retablisman sekirite isit la – reprann lari a nan men gang yo – se esansyèl.
Kidonk, li parèt pou mwen ke tout mond lan, lè nou mete peyi ou mansyone yo, deja yo montre sipò yo. Misyon an limenm dwe renouvle, e se sou sa n ap travay kounye a. Men, nou vle tou asire nou ke nou gen yon bagay serye, dirab, epi nou pral gade nan tout opsyon posib yo pou reyalize sa. Se poutèt sa, yon operasyon mentyen lapè ta dwe youn nan opsyon sa yo. Mwen panse ke gen lòt. Nou jis vle asire nou ke nou gen yon mwayen pou nou vanse pou pi douvan – premye pa a se renouvle misyon an, epi apre asire nou ke gen yon fason pou nou rann li dirab pou lavni, paske sa a pral pran yon ti tan.
Objektif final la se sa a: se pa yon antrepriz endefini. Objektif misyon an se sitou reprann kontwòl gang yo, men tou, pèmèt enstitisyon ayisyen yo, sitou polis nasyonal ayisyen la, pran tèt yo an chaj. Objektif la se pa gen yon misyon entènasyonal endefini isit la; objektif la se ede kòlèg ayisyen nou yo kanpe byen fèm sou de pye yo epi pou yo kapab kontinye misyon sa a. Men, pou nou rive nan pwen sa a, nou bezwen tan, e konsa nou pral gade nan pi bon fason pou asire nou ke nou ka soutni efò sa a.
KESYON Christina Ruffini, Decision Points: Mesye Sekretè Deta, se yon plezi pou m wè w. Ou jis di ou bezwen plis lajan pou reyalize objektif misyon sa a. Pou ki sa ou panse ou pa wè angajman finansye bò kote lòt alye rejyonal tankou Brezil oswa Meksik? Kisa yo di ou lè ou eseye angaje yo sou pwoblèm sa a? Mwen konnen ou te mansyone ke ou te pral soulve pwoblèm nan nan Nasyonzini. Èske Etazini sipòte yon ekspansyon misyon miltinasyonal mentyen lapè Nasyonzini an, oswa èske w panse MSS la – kote ou ye pou kounye a – se ase? E dapre sa ou tande jodi a ak sa nou te diskite, èske ou panse Ayiti ap ka fè eleksyon ane pwochèn?
Men, si ou pèmèt mwen, orè ou a te trè okipe pandan ane ki sot pase a. Ou gen yon fanmi jèn. Si Demokrat yo genyen an Novanm epi yo mande w opinyon w, èske w ap rete nan biwo a oswa èske li lè pou w pran yon ti poz?
SEKRETÈ BLINKEN: Gen diferan kalite sipò, chak nan yo esansyèl. Gen lajan, ekipman, pèsonèl. Plizyè peyi te deja mobilize nan youn oswa plizyè nan domèn sa yo pou sipòte Ayiti ak MSS, e mwen te regade yon kantite nan yo dènyèman.
Men nou vle tou, mwen pans, asire nou ke misyon an gen rersous disponib li bezwen pour l fè travay li kòm sa dwa. Se poutèt sa nou ap konsidere kontribisyon anplis nan nivo anplwaye yo. Kenya ap bay plis, men gen lòt peyi – kèk nan yo te deja dakò fè sa. Gen lòt nou vle wè si yo vle patisipe.
Li esansyèl pou nou asire nou ke sipò finansye an la, li dwe gen ladan li lajan pou peye salè moun ki angaje nan misyon sa yo. Nou gen lajan nan bank pou sa, an patikilye gras ak fon Nasyonzini ki te kreye pou sa. Men, pandan n ap gade vè lavni epi n ap konsidere agrandi misyon MSS li menm, nou bezwen tou detèmine kisa ki pral bezwen pou finanse l, e mwen panse ke nou pral bezwen plis finansman pou fè sa. Se jisteman pou rezon sa ki fè mwen pral reyini kòlèg yo nan Asanble Jeneral Nasyonzini an sou kote reyinyon sa a, pou asire nou ke nou gen resous ki nesesè yo.
Anplis de sa, mwen panse ke siksè jenere siksè. Se poutèt sa, peyi yo ap obsève sa k ap pase kounye a an Ayiti. Yo ap gade sa ki te pase nan mwa ki sot pase yo. Yo ap gade misyon sipò sekirite miltinasyonal la epi yo ap mande èske li ap bay rezilta, e mwen panse ke yo wè li. Yon fwa ankò, mwen trè klè sou sijè sa a. Sa a se yon travay difisil. Men nou deja wè, gras ak travay MSS la ak sipò PNH, Polis Nasyonal Dayiti, ayewopò pran e relouvri, prensipal lopital Pòtoprens pran, sèten katye kote aktivite ekonomik rekòmanse. Sa mwen tande jodi a, pandan m ap pale ak dirijan Polis Nasyonal Dayiti ak MSS la, se yon plan klè pou sa ki dwe fèt pa la swit, e mwen kwè ke li pral vin pi fò. Sa a pral atire plis sipò. E mon swete ke, par egzanp, nou al nan Nasyonzini nan apeprè de semenn edmi, nou ava gen yon bilan premye siksè e, ankò yon plan pou avanse, e ki ap mennen plis sipò.
Kanta pwòp avni mwen, tout sa m ap gade kounye a se dosye administrasyon sa a ak mwa janvye a. Apre sa, mwen ka di ou, mwen te pase kèk tan ak pitit mwen yo semèn pase a, eke mwen t ap vreman kontan gen plis tan avèk yo.