fbpx

Mondyal foutbòl: Ministè Kilti ak Kominikasyon entèdi retransmisyon match sou rezo sosyal yo

CTN News

 Ministè Kilti ak Kominikasyon enfòme medya k ap rertransmèt mondyal 2022 a, k ap fèt nan peyi Kata jiska 18 desanm, yo pa kapab epi yo pa gen dwa bay li, nan okenn sikonstans, emèt match yo sou rezo sosyal yo (YouTube, Facebook, Instagram, elatriye) Dwa Ayiti limite sèlman nan emisyon televizyon,” ekri antite leta a nan yon nòt. MCC a di li konte sou konpreyansyon tout moun pandan l ap swete yon bon mondyal pou tout moun. Premye Minis ayisyen an, Doktè Arie Henry semèn pase a, te eksprime rekonesans li bay Prezidan FIFA a, Mesye Gianni Infantino, paske li te bay Ayiti dwa pou li emèt 22yèm edisyon mondyal FIFA a, nan Kata 2022 a. Chèf Gouvènman an mande tout fanatik yo pou yo viv espektak mondyal sa a nan trankilite, lespri viv ansanm ak fratènite. Plizyè obsèvatè konsidere peryòd foutbòl sa a kòm yon bon moman relèv pou gouvènman ayisyen an, ki t ap fè fas ak manifestasyon popilè poutèt li te ogmante pri gaz la, pandan popilasyon an ap lite chak jou pou l siviv nan yon kontèks ensekirite kwonik ak enflasyon.

you're currently offline