fbpx

Canada sanksyone yon ansyen prezidan ak de ansyen premye minis ayisyen pou “finansman gang ame” ann Ayiti.

CTN News

Gouvènman Kanada pran sanksyon kont ansyen Prezidan Joseph Michel Martelly, ansyen Premye Minis Laurent Lamothe ak Jean Henry Céant.

Pèsonalite sa yo  sanksyone poutet yo ta patisipasyon nan finansman gang ame kap simen laterè nan peyi DAyiti.

Se  Louis Blouin nan Radyo Kanada ki te pibliye nouvel la anvan  nan yon pòs sou kont twitter li. “DÈNYE FWA | Kanada sanksyone ansyen Prezidan ayisyen an Michel Martelly ak ansyen Premye Minis Laurent Lamothe ak Jean Henry Céant pou patisipasyon yo nan finansman gang ame,” korespondan palmantè Radyo Kanada nan Ottawa te ekri sou kont li.

Enfòmasyon sa a  Anbasadè Kanadyen ann Ayiti Sébastien Carrière konfime l. “Mwen konfime”, daprè sa  diplomat Kanadyen an te ekri sou sou menm platfòm nan.

Gen lòt zotobre politik  tou ki resevwa sanksyon  gouvènman Canada.

Nou kapap site ka Senatè Rony Celestin, Joseph Lambert, ansyen Senatè Youri Latortue, ak ansyen depite Garry Bodeau.

Plizyè manm nan gouvènman Ariel Henry a, ki gen ladan ansyen minis enteryè Liszt Quitel ak Beto Dorcé, Canada sanksyone yo tou .

Malgre tout moun te genyen enfòmasyon sa yo depi kek tan, men se selman semenn pase a chef sa yo jwenn revokasyon yo.

Daprè enfòmasyon ki soti nan sous pwòch diplomasi Ameriken an, estaf redaksyon CTN aprann non tout moun Kanada sanksyone yo tou sou lis Etazini an.

Peyi Etazini fèk anonse sanksyon kont plis pase senkant pèsonalite ayisye. Majorite nan yo  soti nan sektè politik la.

Non de moun sa yo parèt sou sitwèb Depatman Trezò Ameriken an ansanm ak Jimmy Chérizier alias Barbecue, Fedenel Monchery, ak Joseph Pierre Richard Duplan.
Anplis finansman gang ame yo, Ameriken  akize Joseph Lambert ak Youri Latortue tou kòm trafikan dwòg ilegal.

Non plizyè lòt manm nan gouvènman Ariel Henry a, tyè  sena a, opozisyon an ak sektè ekonomik la tou sou lis Etazini,Canada ak Nasyonzini, dapre sa nou aprann nan bon jan sous.

you're currently offline