23 moun sa yo ki te fè pati menm fanmi an ta konsome yon poud ensektisid, yo te kwè se farin ble. Eta sante yo te afekte imedyatman. Viktim yo te mennen rapid lopital Alma Mater epi yo ap resevwa swen ka yo merite a. Pami viktim yo genyen kat timoun ak yon fanm ansent. Ensidan an rive mèkredi nan lokalite Kanpèch, ki atache ak komin Gros-Morne nan depatman Latibonit.


