Gouvènman ameriken an mete ajou sistèm enfòmatik li ofisyèlman pou l pran an kont desizyon jij federal nan Massachusetts ki te sispann fen pwosesis “parole” imanitè a pou sitwayen Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela.
Depi kounye a, dat 24 avril la pa valab ankò.
Daprè yon nòt USCIS (U.S. Citizenship and Immigration Services) pibliye jedi 17 avril 2025, tout avi de reziliasyon (avi revokasyon) ki te voye bay benefisyè pwogram CHNV la pa valab ankò. Desizyon sa a vin apre yon òdonans enjonksyon preliminè jij la te bay 14 avril 2025 nan ka Svitlana Doe, elatriye kont Noem, elatriye, No. 25-cv-10495.
“Avi reziliasyon ‘parole’ ki te voye bay etranje ki soti Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela […] yo sispann e konsa yo pa valab aktyèlman,” daprè deklarasyon ofisyèl USCIS la.
Plizyè benefisyè pwogram Biden lan te deja resevwa avi sispansyon nan men patwon yo. Gen ladan yo ki te deja revoke. Gras ak piblikasyon mizajou sa a sou sit entènèt USCIS la, moun ki sou pwogram CHNV la kapab kounye a enprime prèv estati yo epi prezante l bay patwon yo oswa nenpòt otorite ki gen dwa. “Anplwaye yo p ap gen pwoblèm ankò,” se sa yon avoka imigrasyon ki travay pou yon òganizasyon defans dwa imigran yo te deklare. “Otorizasyon yo ap parèt kòm aktif nan sistèm lan,” li te fè konnen.
Desizyon sa a pote soulajman imedya pou plizyè milye fanmi ayisyen k ap viv legalman Ozetazini gras ak pwogram CHNV la. Li pèmèt yo kontinye travay ak rete sou teritwa ameriken an toutotan pwosè a poko fini, sitou pou moun ki pa gen okenn lòt estati legal pase CHNV.
Otorite federal yo rekonèt ofisyèlman sispansyon avi revokasyon yo epi yo te aji vit pou mete sistèm yo ajou, evite nenpòt entèripsyon administratif oswa pèt travay.
Caribbean Television Network (CTN) se premye medya ki te rapòte nouvèl sa a.
N ap kontinye suiv dosye sa a de prè epi bay mizajou an kreyòl ayisyen, fransè, ak angle pou sèvi kominote ayisyen yo atravè Etazini.
https://www.uscis.gov/newsroom/alerts/litigation-related-update-on-chnv