Yon total 1,411 imigran ayisyen te eseye travèse fwontyè nò Etazini ak Kanada nan mwens pase yon mwa pou chèche refij, nan yon klima ki vin pi ostil anvè moun k ap chèche azil.
Yon kantite rekord Ayisyen ap kite Etazini pou eseye chans yo nan Kanada, paske yo pè nouvo politik migrasyon Prezidan Donald Trump lan mete an aplikasyon.
Dapre done Ajans Sèvis Fwontalye Kanada pibliye, jan medya konsèvatè New York Post site li, omwen 1,411 moun te eseye travèse fwontyè ki nan nò Eta New York pandan de premye semèn mwa avril la—sa ki reprezante yon gwo ogmantasyon konpare ak mwa mas.
Majorite moun k ap fè mouvman sa a se fanmi ayisyen ki swete tabli tèt yo nan Québec, sèl pwovens ki pale franse nan Kanada. Gen plizyè ladan yo ki lage kò yo bay otorite kanadyen yo volontèman pou yo ka depoze demann azil. Men, lòt yo chwazi evite pwen kontwòl ofisyèl yo epi travèse nan zòn fwontalyè ki pa gen anpil siveyans, dapre sa New York Post revele. Men, resepsyon yo jwenn jodi a diferan anpil ak sa yo te konn jwenn pandan premye manda Trump lan, lè Kanada te louvri plis pòt li pou imigran yo.
Kontrèman ak anbyans plis akeyan ki te egziste nan tan lontan, gouvènman Kanadyen an adopte jodi a yon pozisyon pi sevè. Mark Carney, ki pran plas Justin Trudeau kòm Premye Minis, te klè sou sa pandan yon deba elektoral nan Monreyal :
« Gen limit. Nou dwe rete imèn, men nou dwe tou reyalist. Kanada pa kapab resevwa tout moun. » Se sa New York Post te rapòte.
Jounal la fè konnen plis pase 1,130 moun k ap chèche azil te deja refize antre Kanada depi kòmansman ane a — yon chif ki poko janm rive nan nivo sa a pandan dènye 10 ane yo, selon done CBSA. Gouvènman an ranfòse prezans li sou fwontyè yo e li deklare entansyon li pou akselere depòtasyon moun ki pa ranpli kritè admisyon yo.
Pè pou yo ta depòte yo vin pi grav depi Prezidan Trump pwomèt pou l mete fen nan pwogram CHNV lan, yon inisyativ ki te lanse pa administrasyon Biden lan. Pwogram sa te pèmèt plis pase 500,000 migran, pami yo Ayisyen, Venezyelyen, Kiben ak Nikaragweyen, jwenn estati legal tanporè Ozetazini pou rezon imanitè.
Men, migran ayisyen yo ap fè fas tou ak yon gwo baryè legal : se Akò sou Peyi Twazyèm Sekirite a ki egziste ant Etazini ak Kanada. Akò sa di nenpòt moun k ap chèche azil dwe depoze demann li nan premye peyi ki konsidere kòm “sekirite” kote li rive a. Gen kèk eksepsyon sèlman, sitou pou moun ki gen fanmi pre ki deja legalman etabli nan Kanada.
Pou lòt moun yo, mesaj la klè. Dapre sa CBSA konfime : « Si yon moun pa satisfè kritè eksepsyon yo, y ap retounen li Ozetazini. »
Bénéfisyè pwogram CHNV yo, pou pati pa yo, pa ta dwe pè. Sou 14 avril 2025, yon jij federal nan Tribinal Distrik Massachusetts te mete yon injonksyon pou anpeche administrasyon Trump lan revoke estati legal moun k ap benefisye pwogram Biden lan. Anplis, gen yon lòt dosye ki konsène Statut de Protection Temporaire (TPS) ki sou kontwòl yon jij nan Kalifòni, e ki te deja pran yon desizyon an favè migran venezyelyen yo nan yon dosye ki te sanble.
Apre eleksyon Joe Biden an 2020, anpil moun ki te kouri al chèche azil nan Kanada te eseye tounen Ozetazini. Malerezman, anpil ladan yo te swa arete, swa pèdi lavi yo sou wout la, akoz kondisyon meteyo difisil pandan travèse a.