Eskandal Brezil: “Yon manman touye de pitit li yo epi kenbe kadav yo pandan 15 jou nan apatman an

CTN News
Categories: Politics

Yo arete dam nan ki gen 31 lane, manman de timoun yon ti fi 10 lane ak yon ti gason 3 lane. Li te tiye timoun yo nan apatman li nan Guarapava nan eta Paraná, nan dat 13 dawout, dapre sa li te konfese pandan entèwogasyon li pa lapolis. Malgre avoka li te mande pou yo fè yon egzamen sikyatrik pou li, yo te mete l nan prizon. Aprè egzamen kadav ti fi a, ki ta sanble te rete vivan 4 jou apre lanmò ti gason an, lapolis sispèk yon doub omisid premedite, sitou paske yo revele dam nan te ekri lèt pandan 15 jou sa yo li te pase yo avèk  kadav yo nan apatman an yo nan yon lide pou li jistifye krim nan. Yon lèt ki gen uit paj ak yon lòt ki gen 4 paj. Li te eksprime malèz li genyen depi nesans pitit gason li ak koneksyon li ak papa li. Tandiske anvan, li te endike ke li t ap viv trankil ak pitit fi li a. Li sanble pa sipòte papa pitit gason li ankò, ki ta dwe nan orijin dezavantaj li yo, rapòte delege a. Prezime Kriminèl a te gen yon salè 3000 Reais epi li te resevwa sipò timoun ki pi piti pitit a. Sa a pouse lapolis la pou l eskli ipotèz pwoblèm finansyè kòm motif krim lan. Dapre delege a, dam nan kontinye mennen vi chak jou li byen apre trajedi a. Yo pral tcheke kamera siveyans apatman an, vwazen ak manm lekòl ti fi a yo te kesyone. Chèf lekòl ti fi a te di manman an te di yo pitit li te malad epi li te gen grip la. Lapolis di manman an ap travay lakay li e dezyèm pitit li a poko kòmanse al lekòl, li toujou kenbe l avè l. Kliyan yo te admèt tou ke dam lan te ofri yo pa telefòn sèvis kredi nan konpayi kote li ap travay la. Lapolis gen jiska 6 septanm pou fini ankèt sa. Vwazen yo, pwofesè lekòl yo, gadyen apatman an lapolis pral kesyone yo tout.

Share This Article