fbpx

Ekononomi Boston repoze sou do Imigran ki kontribiye plis pase 103 milya dola chak ane

Emmanuel Paul
Emmanuel Paul - Journalist/ Storyteller
credit photo: Immigrant Learning center

Ekonomi “Gran Boston” chita sou do imigran.

Imigran pote plis pase 103 milya dola nan ekonomi Gran Boston chak ane.

Kontribisyon sa a reprezante plis pase 25% nan ekonomi lokal la pandan ke imigran yo reprezante selman 21% nan popilasyon Eta Masachouset la.

Yo reprezante tou 28% nan pwopriyetè tipiti ak mwayèn biznis Gran Boston, selon rapò ki  revele plis pase 40% nan biznis nan Gran Ri yo se pou imigran.

Moun k ap viv Boston ki fet nan lot peyi  dominen espesyalman nan sektè restoran, salon bote, lave machin, ak komès pwoksimite yo rele “convenience store”.

Sa se sa yon rapò ki te fèt nan kolaborasyon avèk Inisyativ Rechèch sou Imigrasyon sou enpak ekonomik popilasyon imigran nan rejyon vil ki nan Eta Masachouset nan nòdès Etazini, selon yon atik ki te pibliye semèn sa a pa WBUR, yon Estasyon radiyo piblik ki se manm nan rezo medya “National Public Radio NPR”.

Rapò sa soti mèkredi pase. Se  “Boston Indicators”, ki pibliye l pou kapap montre enpòtans vital imigran nan devlopman ekonomik Gran Boston an.

Luc Schuster, direktè jeneral Boston Indicators,  mete an evidans dinamism imigran yo. “Yo gen anpil lespri antreprenaria. Yo kontribye anpil nan ekonomi  nan tout rejyon an”, deklare Mesye Schuster, responsab òganizasyon rechèch Fondasyon Boston, dapre WBUR-FM. Mesye Schuster te ajoute ke imigran yo gen gwo kapasite pou evolye nan Eta Masachouset. Li te fè remake akke salè mwayen yo varye ant 50,000 dola pou moun ki rete nan Etazini depi mwens pase senk ane,  60,000 dola apre dis an, ak 70,000 dola apre ven lane.

“Revni yo ogmante byen vit nan premye ane karyè pwofesyonèl yon moun, men revni yo ogmante tou de yon jenerasyon nan lot, timoun imigran yo souvan pran plis avantaj pase rezidan ki fèt nan peyi a,”daprè mesye  Schuster.

Eta Zini an antye benefisye nan enèji sa imigran yo pote a, men done yo montre  ” mobilite ekonomik sa a pi gwo nan Gran Boston pase nan lòt pati nan peyi a,” daprè sa mesye Schuster te presize.

Ayiti se yonn pami  peyi ki gen plis sitwayen ki fèk rive nan vil Boston ansanm ak Lachin, Repiblik Dominikèn,  End, ak Brezil selon rapò Boston Indicators la.

Pandan deplasman pa bann e pa paket imigran nan Boston kay kek ti pwoblem teknik,  imigran yo kontribye anpil nan ekonomi Masachouset konpare a lot kote.

Etid sa a pibliye nan yon moman kote imigran yo fè fas ak anpil atak ki pa janm wè nan men Repibliken ki kritike fason administrasyon Biden nan jere dosye imigrasyon.

Se chak jou plizyè milye imigran rive Etazini a travè fwontyè avek Meksik. Anpil nan yo ale nan Eta Masachouset. Anpil nan moun ki fek vini yo oblije chèche refij nan abri pwovizwa Leta Masachouset ak la Meri Boston mete an pral.

Sa pa gen lontan gouvènè Masachouset la te deside fè Pak rekreyasyon Malnea Cass nan lokalite Roxbury tounen on abri pwovizwa pou akeyi anviwon 400 nan moun ki t ap dòmi nan ayewopò Boston an.

Anpil konsèvatè ak abitan nan Roxbury te krikite desizyon sa. Yo fè konnen abri wpovizwa sa pral bay moun nan zò n nan plis pwoblèm pase sa yo genyen deja.

Men gouvènè Healey pa konprann li konsa. Moun sa yo ki fèk vini an se moun k ap chache travay pou kapap kite abri pwovizwa yo pi vit posib daprè sa gouvènè a te fè konnenpandanl kritike repibliken k ap chache itilize imigran yo pou koz politik yo.