“Chalon sou Bekàn” premye edisyon ki te òganize lavèy selebrasyon Perpetyèl

CTN News
Categories: Politics

 la Jenès natif natal nan lokalite Chalon, nan depatman Nip, òganize dimanch 26 jen 2022 sa a, premye edisyon “Chalon sou Bekàn” nan okazyon selebrasyon fèt  Pèpetyèl patwon Chalon. Kous bisiklèt sa a te kòmanse nan “Dupac” epi li te fini nan Carrefour Desruisseaux. Inisyativ sa a gen pou objektif pou amelyore imaj Chalon, ki te yon fwa te konsidere kòm yon zòn lapè an tèm de sekirite. Jèn òganizatè evènman an te pwofite envite popilasyon ayisyen an ak dyaspora a pou yo retabli konfyans yo nan lokalite sa a ki ap reprann gou tan lontan e ki tounen yon ti paradi ankò. Nan demach la, yo envite chèf gouvènman an, Ariel Henry, bay yon repons ijan nan sitiyasyon Matisan an, ki anpeche aktivite komèsyal nan rejyon Gran Sid la.

Share This Article