fbpx

Bòn nouvèl pou moun ki ap chèche azil nan Etazini. Yon jij federal bloke restriksyon gouvènman an

Emmanuel Paul
Emmanuel Paul - Journalist/ Storyteller

Gouvènman Joe Biden ap oblije pran lòt mezi si li vle fè fas ak pwoblèm flot migrasyon nan fwontyè Sid la.

Se sa yon jij federal nan Tèksas deside lè l voye jete nouvo politik migrasyon administrasyon Joe Biden yo sou demannè azil yo.

Felisite poutet li limite kantite moun k’ap travèse fwontyè yo ant Etazini  ak Meksik, politik sa a vyole obligasyon Etazini genyen pou aksepte tande dosye tout moun k ap chache refij nan peyi Joe Biden nan  pou echape a zak  vyolans nan peyi orijin yo, selon jij Jon Tigar.

Pou jij distri Oakland, nan Tèksas, desizyon gouvènman an pran pou limite demannè azil yo an kontradiksyon dirèk ak lwa ki an plas depi 1980 ki pèmèt moun ka prezante sou tè Ameriken an mande pwoteksyon imanitè pou evite yo depòte yo nan peyi kote yo soti.

Kelkeswa jan yo rive nan Etazini, refijye yo dwe gen chans pou yo demand azil yo ekzamine avèk atansyon, daprè sa majistra konkli. Jij sa te deja te adopte yon mezi tankou sa kont administrasyon Donald Trump ki li menm tou t ap chèche limite demand  azil  nan fwontyè Sid la.

Konsidere restriksyon sevè politik migrasyon sa a, Joe Biden ak ekip li ta dwe konfòme ak faktè deja eksplisitman konsidere pa Kongrè a, dapre jij Tigar ki ajoute  tou ke politik sa a “enaksesib” pou anpil imigran.

Desizyon pou atake nan tribinal politik migrasyon ekip Joe Biden te pran pa Asosyasyon Ameriken pou Libète Sivil (ACLU), ki  salye vèdik jij Oakland la.

“Jijman an se yon viktwa, men chak jou lè administrasyon Biden chache pi plis fason pou pwolonje entèdiksyon sou fason moun ap antre nan peyi Etazini epi mande azil. Se on desizyon ki ilegal. Politik sa se on danje pou anpil moun ki ap chache refij nan peyi Etazini akoz move tretman yo sibi nan peyi yo , dapre sa media ameriken CBS fè konnen.

Desizyon jij la pap antre an aplikasyon anvan 2 semenn. Sa bay administrasyon an tan pou li fè apèl de desizyon an. E se  presizeman sa gouvènman an vle fè atravè Depatman Jistis la, daprè medya ameriken CBS.

Adopte nan mwa me a, politik migrasyon sa a diskalifye otomatikman demandè azil yo ki travèse fwontyè Ameriken an san otorizasyon legal. Yo ta dwe tou prouve ke yo deja eseye chèche refij nan lòt peyi anvan yo rantre nan Etazini.

Gras a nouvo règ sa a sou migrasyon, administrasyon Joe Biden yo deja ekspilse an vitès plizyè milye imigran nan fwontyè Sid la. Yon fwa yo ekspilse, yo pa ta dwe otorize retounen nan Etazini pou yon peryòd  senk ane. Si yo ta retounen gouvenman ka pran mezi pou mete yo nan prizon.

Mezi kontwovèse sa a te trè efikas pou administrasyon Biden nan nan fason li diminye  anpil anpil tantativ pou rantre nan Etazini atravè fwontyè ant Ameriken ak Meksik.

Kòm  altènatif, ekip Joe Biden nan te kreye pwogram libète imanitè pou sitwayen Ayiti, Nikaragwa, Kiba ak Veneswela.

Jiska mwa jen, plis pase 38.000 moun nan peyi sa  yo ki te admèt nan Etazini, daprè sa CBS  rapòte. On kantite ki totalman enferyè pa rapò a kantite moun  administrasyon ameriken an te prevwa chak mwa.

Pwogram sa a te kòmanse nan kòmansman ane 2023. Li  vize pou fasilite antre nan peyi Etazini chak mwa 30.000 sitwayen nan  kat peyi yo ki konsène yo.