Yon fanm nan ventèn li pran yon bal nan tèt epi plizyè lòt blese pandan manifestasyon lendi 10 oktòb 2022 a nan kapital la pou mande depa Premye Minis Ariel Henry sou pouvwa a. Yo te touye viktim nan Delmas 19 malerezman non l pa rive idantifye. Manifestan yo te blame ofisye lapolis ki te itilize gaz lakrimojèn ak minisyon vivan pou dispèse manifestan yo. Manifestan yo gen entansyon kontinye ak revandikasyon yo malgre agresivite lapolis montre. Nan PétyonVil, plizyè santèn moun te foule makadam pou mande depa premye minis defakto a sou pouvwa a. Manifestan ki gen branch pye bwa yo akize lapolis paske yo vle anpeche volonte yo pou yo reklame dwa yo.
CI Tchaly Coutin


