Vyolans nan Site Solèy : Pati politik PADEINHA denonse silans Gouvènman an

CTN News
Categories: Politics

Pati Demokratik Entegrasyon Ayisyen an (PADEINHA) denonse, nan yon nòt, silans gouvènman Ariel Henry a  fè  devan abi repete gang yo ap fè sou manm popilasyon an nan  Site Solèy la. Daprè Nasyon Zini (ONU), plis pase 471 moun mouri, blese oswa disparèt pandan eklatman ki te deklanche ant manm gang G9 ak G-pèp nan Site Solèy la. Malgre chif sa yo, gouvènman Ariel Henry a kontinye montre yon konpòtman irèsponsab anvè moun ki nan komin Site Solèy la ki te oblije kite kay yo pou yo chape poul yo anba kòlè gang yo, fè remake pati demokratik entegrasyon ayisyen an ki rapòte sa se yon ka grav. Vyolans seksyèl te komèt sou fanm ak tifi. PADEINHA di li gen kè kase lè li wè plizyè santèn timoun ki pa akonpaye yo te oblije kouri tou pou lagè gang yo pou yo pran refij nan kolèj Saint-Louis de Gonzague. Vyolans sa a pa sèlman lakòz moun pèdi lavi yo, men li tou jenere konsekans dezas sou nivo ekonomik oswa sosyal, dapre sa  PADEINHA rakonte. Li  eksprime sipò li ak solidarite li ak moun ki rete nan Site Solèy la nan vil la pandan  vyolans ak enjistis sosyal yo.

author avatar
CTN News
Share This Article