Prezidan Etazini an, Donald Trump, ap pare pou l prezante yon nouvo politik restriksyon vwayaj ki ka afekte vwayajè ki soti Afganistan, Pakistan, ak plizyè lòt peyi.
Mezi sa yo ka antre an aplikasyon a pati de semèn pwochèn.
Daprè The Independent, inisyativ sa a vini apre yon lòd egzekitif li te siyen 20 janvye kote prezidan Trump te mande kabinè li a pou idantifye peyi ki dwe gen limitasyon vwayaj akoz de “pwosedi depistaj ak verifikasyon ki pa ase nan peyi sa yo.”
Trump te pwomèt depi nan kòmansman prezidans li a pou l “mete restriksyon vwayaj” an aplikasyon, men pwomès sa a pa t reyalize imedyatman. Mezi ki prevwa yo pral retounen avek yon politik li te deja mete an plas pandan premye administrasyon li an, ki te entèdi antre vwayajè ki soti nan plizyè peyi ki gen yon majorite popilasyon mizilman. Politik sa a te resevwa validasyon Kou Siprèm nan an 2018. Daprè ajans Reuters, Afganistan ak Pakistan ap fè pati lis la, ansanm ak lòt peyi ki te deja afekte pa restriksyon sa yo, tankou Kiba, Iran, Libi, Kore di Nò, Somali, Soudan, Siri, Venezyela, ak Yemèn.
Restriksyon vwayaj ki prevwa pou Afganistan ka gen yon gwo enpak sou plizyè milye Afgan ki te ede operasyon militè ameriken yo epi ki kounye a ap chèche relokalize atravè Pwogram Viza Espesyal pou Imigran yo (SIV).
Daprè The Independent, anviwon 200 000 Afgan ap tann pou yo resevwa apwobasyon relokalizasyon yo oswa pou aplikasyon SIV yo trete. Moun sa yo ekspoze a gwo risk pèsekisyon bò kote Talibàn yo akoz sipò yo te bay Lèzetazini nan tan pase.
Menm si Depatman Deta a ka mande eksepsyon pou Afgan sa yo, “apwobasyon an parèt ensèten”, selon yon sous anonim ajans Reuters te konsilte. Restriksyon sa yo deja bay gwo enkyetid pami òganizasyon sipò yo. Gwoup asistans pou relokalizasyon te pibliye yon kominike mèkredi kote li ankouraje tout moun ki gen viza ameriken valab pou yo vwayaje san pèdi tan.
“Moun ki gen viza ameriken valab nan paspò yo oswa nan dokiman vwayaj yo ta dwe òganize vwayaj yo imedyatman”, sa a se deklarasyon ki te fèt nan kominike a, daprè The Independent. “Malgre pa gen okenn chanjman ofisyèl ki aplike jiskaprezan, sous gouvènman ameriken yo fè konnen yo ta ka anonse yon restriksyon vwayaj pou sitwayen afgan yo nan semèn k ap vini la a”, daprè gwoup asistans lan.
Premye entèdiksyon vwayaj Trump te mete an aplikasyon an janvye 2017 te bloke antre vwayajè – menm moun ki gen rezidans pèmanan – ki soti nan sèt peyi ki gen yon majorite mizilman. Tribinal yo te rapidman mete fen nan politik sa a. Yon revizyon ki te fèt apre sa te retire Irak sou lis la epi te bay dispans pou moun ki gen rezidans pèmanan, men lit jidisyè yo te kontinye.
Pi ta, Trump te prezante yon twazyèm vèsyon ki te mete restriksyon sou vwayaj sitwayen ki soti nan sis peyi mizilman-majoritè, ansanm ak Kore di Nò. Kou Siprèm te valide vèsyon sa a an 2018, daprè The Independent.
Kounye a, pandan Trump ap chèche reetabli restriksyon vwayaj sa yo, enkyetid yo ap ogmante sou konsekans imanitè mezi sa yo, sitou pou Afgan ki te soutni operasyon ameriken yo epi ki kounye a ap viv nan yon sitiyasyon ensèten.


