Okay: Plizyè sektè ap lanse yon gwo mobilizasyon kont ensekirite a

CTN News
Categories: Uncategorized

Apèl pou mobilizasyon kont ensekirite kontinye ap miltipliye sou tout teritwa nasyonal la. Siyal yo te voye semèn sa a nan vil Okay kote yon douzèn sitwayen te òganize yon sit-in devan ayewopò Antwan Simon pou envite fòs sekirite peyi a pran bon jan mezi pou libere wout Matisan an, antre sid kapital la, gang ame ki fè zak kidnapin ak asasina kontwole l pandan plizyè mwa.

Sitiyasyon sa a pa sipotab, dape sa sitwayen vil Okay yo ki ap frape konduit pasif Premye Minis Ariel Henry devan fenomèn ensekirite ak kidnapin ki ap plonje fanmi ayisyen yo nan plis mizè.   .
Yo fè konnen sitiyasyon ensekirite ki genyen sou tout teritwa nasyonal la, sitou nan Matisan, ap favorize finansyèman yon sektè, kote yo site non ofisyèl sèten konpayi avyon.

Yo mande otorite yo pou yo pran aksyon konkrè pou kwape fenomèn sa a k ap detwi valè moral ak entelektyèl peyi a e ki afekte ekonomi nasyonal la.
Premye Minis Ariel Henry, pandan yon diskou te bay nasyon an nan vandredi swa, te di li te okouran de sitiyasyon ensekirite anraje sa a ki afekte tout kouch sosyete a. Li te di li espere ke diskisyon li te genyen ak lidè yo nan diferan peyi semèn pase a pral bay rezilta pozitif pou rezoud pwoblèm aktyèl yo .

Chèf primati a akeyi dènye operasyon PNH la te fè ki te pèmèt liberasyon yon dam 40 lane, ki te fèmen nan yon kay nan Torcel (komin Taba) depi 14 mas.

 

Share This Article