Pou moun ki te kwè Massachusetts se te yon eta ki ofri pwoteksyon pou imigran ki poko genyen papye legal yo, gouvènè Maura Healey vle klè sou sitiyasyon an.
“Se pou tout moun klè sou sa: pa gen okenn eta pou refijye” li te deklare pandan yon entèvyou fen ane ak media WBZ, daprè sa CBS Boston rapòte.
Deklarasyon sa a make yon chanjman radikal pa rapò ak pozisyon Madan Healey te genyen anvan lè li te pwomèt pou defann kominote imigran yo kont tout fòm pèsekisyon sou administrasyon Trump lan.
Li te menm mande pou fòs polis eta a pa kolabore ak otorite federal yo sou depòtasyon masif Donald Trump pwomet pou l fè a.
Pandan entèvyou avek WBZ-TV, Healey te abòde kesyon ki gen rapò ak imigrasyon, li klarifye pozisyon leta Massachusetts sou politik ki rele “refij” la epi li te diskite sou sijè ki pi laj ki konsène Massachusetts, ki gen ladan swen sante ak priyorite demokrat yo apre reeleksyon Donald Trump lan nan lane 2024 la.
Massachusetts rejte etikèt refij la.
Pandan entèvyou sa a, gouvènè a te fè konnen Massachusetts pa ofri okenn pwoteksyon espesyal pou imigran san papye. Li te site politik ki te mete an aplikasyon pa administrasyon li ki, selon li, te kontribye pou diminye kanttite imigran yo nan eta a.
“Nou pa yon eta refijye. Si ou vini isit la, pa gen okenn lojman ki disponib, e mwen panse sa a te efikas pou enfliyanse volim imigran k ap vini nan Eta,”deklarasyon Healey nan WBZ-TV, dapre CBS Boston.
Pozisyon sa a kontrè anpil pa rapò ak pèsepsyon ki genyen sou Massachusetts ki te yon refij pou imigran yo.
Menm jan an ak majistra New York, Eric Adams, ak lòt ofisyèl demokrat, Healey kòmanse vle alinye l sou politik Donald Trump ki resevwa manda nan men elektè ameriken yo pou adrese kesyon migrasyon ak lot.
Ansyen pwokirè jeneral Massachusetts, Healey te eksprime dout li sou etikèt refij la, li eksplike fòs lòd yo deja ap kolabore nan envestigasyon kriminèl enpòtan.
Li deklare : “Mwen pa vrèman konprann sa terminoloji sa a vle di an pratik,” “Nan ka kriminèl grav, tankou trafik dwòg oswa zam ak trafik moun, otorite lokal, leta ak federal travay ansanm.”
Massachusetts te lontan konsidere kòm yon eta ki favorab pou imigran san papye.
Yo te mete plizyè dispozitif an plas, espesyalman nan domèn lojman, asistans alimantè ak swen pou fanm ansent. Sepandan, anba administrasyon Healey-Driscoll, kèk nan inisyativ sa yo te swa elimine oswa redwi anpil.
Gouvènè a menm rive fè lwanj pou mezi ki pran pou restriksyon aksè ak lojman, li rete kwè mezi sa yo pèmèt dezangòje sistèm nan ak diminye atirans imigran yo. Sa a te ede diminye kantite nouvo imigran nan Massachusetts, dapre sa li eksplike nan WBZ-TV.
Madam Healey profite ankouraje Kongrè a ak administrasyon Trump lan pou reegzamine lwa sou imigrasyon ak ranfòse sekirite nan fwontyè yo. Li kwè sèlman yon aksyon federal kapab reponn avèk defi sistèmik ki gen rapò ak imigrasyon.
Lòt sijè ki te abòde pandan entèvyou an
Anplis imigrasyon, gouvènè a te pale sou lòt kesyon enpòtan, ki gen rapò avèk fèmti lopital Stewart la avèk leson ki pou tire nan reeleksyon Donald Trump kom prezidan
Nan refleksyon sou rezilta eleksyon prezidansyèl 2024 la, Healey kritike enkapasite demokrat yo pou etabli yon lyen ak elektè yo sou kesyon ekonomik la, espesyalman sa ki konsène klas mwayèn ak ouvriye yo.
Li afime “Demokrat yo pa te konsidere ase enkyetid finansye Ameriken yo,”. Li mete aksan sou efò administrasyon li an sou diminisyon taks yo, fè edikasyon siperyè pi aksesib, ak jesyon sou kriz lojman an.
“Nou redui pri yo, nou bese taks… ak fè inivèsite kominotè yo pi abòdab,” dapre sa li eksplike, li pale tou sou inisyativ ti biznis ak antreprenè lokal yo.
Healey konkli avék rapèl li fè sou aksè avèk lojman ki rete yon priyorite esansyèl. “Nou dwe redui pri lojman yo. Demokrat yo dwe konsantre sou sa a epi asire mesaj sa a pase nan men elektè yo,” dapre deklarasyon li nan WBZ-TV.
Depi viktwa Donald Trump nan eleksyon prezidansyèl nan novanm 2024 ki sot pase a, anpil lidè demokrat kòmanse revize pozisyon yo sou sijè tankou imigrasyon ak ekonomi.
Nan denye eleksyon yo Donald Trump te genyen ni vòt elektoral ak tout vot popilè.
Viktwa sa konsidere kòm yon manda klè pèp ameriken bay mesye Trump pou abòde pwoblèm ki gen rapò ak imigrasyon ak ekonomi, pami lòt bagay.
Aktivis ki an favè defans imigran yo pa ta dwe sezi si yo ta pèdi kèk alye nan mitan kan demokrat la.
San sipò kèk lidè demokrat ki anjeneral konsidere kòm pro-imigran, sitiyasyon imigran ki nan sitiyasyon ilegal Ozetazini ka vin pi difisil nan kat ane kap vini yo anba prezidans Donald Trump.
Deklarasyon gouvènè Healey a voye yon siyal klè: kominote imigran yo pa ta dwe konte sèlman sou demokrat yo pandan peryòd difisil sa a nan dezyèm vèsyon Donald Trump la.
Massachusetts se twazyèm destinasyon pi popilè pou imigran ayisyen yo, apre Florid ak New York. Ayisyen yo se tou youn nan pi gwo kominote imigran espesyalman nan vil prensipal tankou Boston, Cambridge, Brockton, Randolph, Everett, ak Malden pou m site sa yo selman.
Sous: CBS Boston ak WBZ
Dania Buon