Yon vag arestasyon ajan ICE (Immigration and Customs Enforcement) fè nan dènye jou sa yo mete anpil kè sote nan mitan kominote imigran atravè Massachusetts.
Dapre sa GBH News rapòte, apeprè senkant moun arete depi dimanch nan plizyè vil tankou Worcester, Framingham, Waltham ak Boston.
“Yo arete patnè mwen san yo pa kite l pale — yo pran tout bagay li te genyen sou li, epi yo kenbe l nan machin pandan senk èdtan pandan y ap kontinye fè lòt arestasyon,” se sa Maria Gonzalez, patnè Carlos Ramirez, yon imigran Gwatemala 25 lane deklare. Ramirez te jwenn arestasyonl pandan li t ap al travay nan Framingham.
Dapre rezo LUCE Immigrant Justice Network of Massachusetts, ki ap suiv operasyon sa yo de pre, arestasyon sa yo ta sanble fè pati yon nouvo kanpay ICE te anonse deja. Nan mwa mas ki sot pase a, ICE te arete 370 moun nan zòn Boston nan sèlman sis jou. Pou mete sa an konparezon, ajans federal la te fè anviwon 900 arestasyon nan tout New England pandan ane 2024 la.
Lè GBH te kontakte ICE pou reyaksyon, yon pòtpawòl ajans lan te refize fè kòmantè sou operasyon ki an kou pou sekirite operasyonèl ajan yo, daprè sa ICE te fè konnen.
Ka Ramirez la pa yon ka izole. Nan Worcester, plizyè manm yon sèl fanmi te arete tou, ladan yo yon granmè yo te mennen san manda, pandan li t ap vini ede pitit fi li ki t ap okipe yon tibebe.
“Lè jèn manman an te rele manman li pou ede li ak tibebe a, ajan ICE yo te arete granmè a tou, san manda,” dapre yon deklarasyon rezo LUCE lan.
Kèk vwazen te rele lapolis Worcester. Pòtpawòl Sean Murtha fè konnen nan yon imèl li voye bay GBH News ke lapolis lokal la te sèlman vin apre ICE te deja sou teren an: “Ofisye nou yo te reponn yon apèl kote yo te rapòte ke yon foul moun fache te antoure yon ajan federal.”
Dapre temwen ki te sou plas, de moun te arete pandan operasyon sa a, ladan yo yon aktivis kominotè ak yon timoun 16 an.
Etel Haxhiaj, konseye vil Worcester, ki te sou plas tou, kondane jan arestasyon yo te fèt ak vyolans: “Kòm yon manman, pitit imigran, ak yon vwazen nan katye a — mwen pa kapab rete trankil pandan y ap kraze fanmi nou yo konsa.”
Majistra Worcester la, Joseph Petty, deklare li “troub anpil” pa sa ki pase a e li mande pou gen yon ankèt apwofondi sou sitiyasyon an.
“Laperèz ICE ka vin separe yon fanmi se pi gwo kochma anpil moun ap viv nan vil nou an. Nou pa ka aksepte pratik sa yo nan kominote nou an,” li mete aksan sou sa, dapre rapò GBH lan.
Antan fèt manman ap pwoche, krent separasyon fanmi an ap gaye anpil sou plizyè katye nan Massachusetts. Òganizasyon lokal yo, tankou Neighbor to Neighbor, ap mete tèt ansanm pou bay fanmi ki afekte yo sipò legal ak emosyonèl.
Dènyèman, direktè pwovizwa ICE lan te anonse ajans lan t ap retounen Boston pou relanse arestasyon mas imigran yo. Gen plizyè etidyan entènasyonal ki te arete apre yo te patisipe nan manifestasyon kont aksyon Izrayèl sou pèp Palestinyen an.
Sekretè Deta Ameriken an, Marco Rubio, te avèti ke tout imigran ki patisipe nan “aktivite dezòd” ap fè fas ak depòtasyon.