fbpx

Nip (Lazil): DINEPA fè inogirasyon yon kaptaj dlo

CTN News

 Nan tèt yon delegasyon, direktè jeneral direksyon nasyonal dlo potab ak sanitasyon an (DINEPA), enjenyè Guito Edouard, inogire yè dimanch 27 novanm 2022 a, Yo kaptire sous dlo “Lasous” la, ki sitiye li nan dezyèm sikonskripsyon an. seksyon kominal Abricot ak Lazil. Nan diskou li a, Guito Edouard, eksprime satisfaksyon li pou reyalizasyon pwojè a malgre kontèks difisil peyi a. Li souliye sitiyasyon sosyo-politik peyi a mete an danje sèten pwojè DINEPA te inisye. Bò kote pa l, direktè rejyonal OREPA pou Gran Sid la, Philippe Eliscar, fè konnen kaptaj dlo “Lasous” la  rive fèt ak yon rezèvwa pwodiksyon 3 mèt kib dlo ki pral kapab bay anviwon 10 mil kay  dlo potab. Li mande popilasyon an kolabore ak DINEPA pou yon pi bon fonksyonman rezo a. Prezante nan inogirasyon an, ansyen depite senkantyèm lejislati Lazil la Lemane Premier, akeyi inogirasyon pwojè sa a. Li wè yon soulajman pou popilasyon an nan dezyèm seksyon Abriko a. Lidè politik la te pwofite edike abòne yo pou yo respekte abònman yo regilyèman pou yo kapab kenbe rezo a pi byen. Dieuva Occidor

you're currently offline