Mouvman ki rele “Revandike dwa w” Fondènèg, anonse yon nouvo semèn mobilizasyon ki pral demare lendi 19 septanm 2022. Objektif la se denonse move gouvènans epi mande depa gouvènman Ariel Henry. . Pandan yon konferans pou laprès samdi 17 septanm 2022 sa a, manm “Revandike dwa n”, kritike endiferans otorite lokal ak nasyonal yo pou pèsistans kriz gaz la. Yo denonse konplisite otorite leta yo nan mache nwa a pou vann gazolin sou tout teritwa nasyonal la. Youn nan manm “Revandike dwa n” Mackendy Dorvil, mande popilasyon ayisyen an, sa ki nan Fondènèg an patikilye, pran lari, ekipe ak asyèt, po, kiyè, silenn gaz ak machin yo pou mande. ke gouvènman defakto a satisfè demand yo. Fòk nou di aktivite yo toujou paralize sou wout nasyonal #2 akoz barikad manifestan yo te pandan semèn sa a. Nan nivo 2èm plenn lan, genyen plis pase senk poto elektrik manifestan yo te koupe epi tou yo te mete dife nan yon machin konpayi telefòn mobil “Digicel”.