Se chèf lajistis Miragoâne Jean Ernest Muscadin fè anons sa a, samdi 18 jen 2022. De swadizan bandi te blese mòtèl pandan yon chèk woutin ofisye polis nasyonal yo sou direksyon Komisè Gouvènman Miragoâne Jean Ernest Muscadin. toupre Sen Michèl, yon lokalite nan 4yèm seksyon Miragwan, rapòte korespondan Zoom Haiti News Dieuva Occidor. Yo idantifye moun sa yo sou non Jules François alyas “Piman chen” ak Rodrigue André. Yo te nan yon bis sou wout Pòtoprens/Jérémie. Otorite lapolis ak jidisyè yo te arete tou Ciné Junior alyas “Bwa kale” ki se yon manm gang “5 segonn” ki ap fonksyone nan Matisan, nan antre sid kapital la.


