Se misyonè francisken kay pòv yo ki te ba yo yon espas pou yo rete nan katye ki gen anpil moun ki nan sektè “El Pedregal de Santa Julia”. Kounye a anviwon 300 imigran ayisyen yo akomode yo la, divize an plizyè tant. Yo prepare manje yo epi yo òganize espas sanitè a, pwòpte a ak distribisyon dlo a. Malgre yo prèske 5,000 kilomèt de peyi yo, nan Tijuana, yo te fòme yon kominote. Anplis yo gen menm peyi orijin, yo gen menm pwoblem migrasyon an tou epi yo tout ta renmen rantre nan Etazini. Sepandan, nan fwontyè Tijuana ak San Diego, yo pa te kapab avanse ankò. Yo te kouri antre nan Tit 42 ki toujou an vigè epi yo pa gen okenn lòt opsyon. Lè nou konsidere genyen 1,200 Ayisyen ki te antre Ozetazini iregilyèman deja depote, tounen nan peyi yo. Pandan yo ap tann yon mirak, migran sa yo kòmanse chèche travay nan Meksik pou yo kapab avanse, men yo fè fas ak tout kalite diskriminasyon ak move tretman. Ducasse Mackend