fbpx

Kidnapin direktè kominikasyon MSPP a, Jeanty Exalus

CTN News

Doktè Jeanty Fils Exalus direktè kominikasyon Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) te kidnape nan Pòtoprens, mèkredi 22 fevriye 2023 la. Jeanty Fils Exalus, yon ofisyèl nan Ministè Sante Piblik ak Popilasyon, se twazyèm doktè kidnape pandan de premye mwa 2023. De lòt kidnapin yo konsène doktè Geneviève Arty ak Louis Gérald Gilles ki li menm moun ki te kaptire li yo te  fèk libere li apre ranson. Liberasyon Doktè Louis Gerald Gilles. Yo te kinape Doktè Louis Gérald Gilles depi 16 fevriye toupre klinik li nan Delmas 103. Fanmi l yo te peye yon gwo sòm lajan pou yo te libere l nan aswè mèkredi 22 fevriye 2023 a. Pou kounye a, de doktè nan men kidnapè yo: Dr Geneviève Arty ak Jeanty Exalus. Dr Genevieve Arty se yon manm fondatè Lopital Saint Damien. Li fè pati  gwoup manm òganizasyon lopital “Petits frères et soeurs” yo tou.