fbpx

Joel Khawly, prezidan direktè jeneral KHAMACO SA, DCPJ arete li nan Jakmel vandredi swa

CTN News

 Yo arete Joel Khawly, Prezidan direktè jeneral KHAMACO SA yè (Vandredi swa a) nan Jakmèl. Ajan direksyon depatmantal polis jidisyè (DCPJ) PNH fè yon gwo operasyon nan kay prive li a byen ta nan aswè vandredi 25 novanm nan. Pandan operasyon sa a, DCPJ te konfiske zam gwo kalib ak lòt objè yo. Plizyè sous nan zòn metwopolitèn Sidès la konfime enfòmasyon an, pami yo jounalis Joanel François nan Radio Hosanna. Apre arestasyon Joel Khawly, yo transpòte li Pòtoprens kote yo  mete l nan depo (Garde à vue) nan DCPJ jiskaske pou yo mennen l devan yon jij pou suivi ki nesesè yo. Yo te tande kout zam otomatik pandan operasyon an. Pou kounya, pa gen okenn enfòmasyon  Polis Nasyonal pibliye  sou akizasyon yo kont biznisman nan. Sou kont ofisyèl LinkedIn li a, Joel Khawly te idantifye tèt li kòm proprietè CEO KHAMACO SA.

you're currently offline