A sèlman kèk jou pou administrasyon Trump anonse si wi ou non li pral renouvle Statut Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou Ayisyen yo, senatè repibliken Florid la, Rick Scott, ap eseye bay plizyè benefisyè ayisyen kalmi.
Senatè a deklare li kwè ke “Prezidan Etazini an ap kontinye sipòte TPS pou Ayisyen yo.”
Nan yon entèvyou li bay jounalis ayisyen James Pierre, senatè Rick Scott pale sou sitiyasyon TPS la pou Ayisyen ak Venezuelen, epi sou politik migrasyon Etazini an.
“Prezidan Trump te sipòte TPS pou Ayisyen pandan premye manda li a, e mwen kwè li pral kontinye fè sa,” senatè a deklare. Li ajoute: “Li te tou montre sipò li pou Pwogram Pwoteksyon Difere a (Deferred Action) pou Venezuelen yo. Mwen kwè li pral kontinye soutni sa tou,” li te asire.
Rick Scott pwomèt pou l kontinye defann renouvèlman TPS la. “Mwen pral batay pou sa, e mwen konnen kongresman an ap batay tou,” li te di, pandan li t ap fè referans ak yon lòt manm Kongrè ki te bò kote li pandan entèvyou a.
Rick Scott se youn nan repibliken ki pwoch Donald Trump, e li te deja eksprime plizyè fwa volonte li pou mete fen nan TPS pou Ayisyen yo. Anplis, kandida Trump te mete kesyon sa a kòm youn nan tèm santral kanpay li pandan eleksyon novanm 2024 la.
Pandan l t ap kritike jan administrasyon Biden jere pwogram nan, Rick Scott te vle mete aksan sou lefèt ke prezidan an pa kont prensip TPS la, men li vle asire bagay yo fèt dapre règ. “… Nou bezwen yon sistèm ki mache. Administrasyon Biden abize pwogram TPS la. Gade sa yo fè — li klè. Nou renmen imigrasyon; mwen soti nan yon eta ki fèt ak imigran — tout moun konnen sa, pa vre? Men sa administrasyon Biden fè a se yon abiz sou sistèm nan.”
Lè l t ap pale sou pouvwa Egzekitif la nan zafè migrasyon, li te raple ke se prezidan an sèlman ki gen otorite pou detèmine sa. “Se prezidan an ki gen pouvwa pou deside estati TPS la,” li deklare, e li sonje ke se yon estati tanporè ki “sipoze bay pwoteksyon pandan yon kriz nan peyi moun nan.”
Rick Scott mete aksan tou sou nesesite pou gen yon politik migratwa ki strik e ki òdone. “Mwen pa vle kriminèl isit. Mwen pa vle trafikan dwòg isit. Mwen vle yon sistèm kote fwontyè nou sekirize, kote nou verifye moun k ap antre. E lè gen yon kriz reyèl nan yon peyi, nou dwe kapab sèvi kòm yon refij sekirize.”
Entèvyou sa a fèt pandan kominote ayisyen an ap tann desizyon sou lavni TPS la, alòske kriz politik la kontinye ap brase bil nan peyi a.
Dènye desizyon Kou Siprèm Etazini an te pèmèt administrasyon Trump lan rekòmanse ekspilsyon Venezuelen ki te anba TPS, sa ki anile yon entèdiksyon yon jij te mete, e ki te konfime pa yon tribinal apèl.
Vandredi pase, menm Kou Siprèm sa a te ouvè pòt pou administrasyon Trump lan ekspilse benefisyè pwogram Biden lan, sa yo rele “pwogram libète kondisyonèl la.”
Administrasyon Trump lan ap sipoze anonse sou 2 jen si li pral renouvle oswa ou pa TPS pou imigran ayisyen yo. Pwoteksyon an te sipoze fini 3 fevriye 2026, men gouvènman an deja redui peryòd kalifikasyon an pou sèlman 6 mwa.