Pwomès 1,000 Dola Administrasyon Trump lan pou Oto-Deportasyon se yon Pyèj, Dapre Plizyè Ekspè

Emmanuel Paul
Credit: Reuters

Pandan Depatman Sekirite Entèn (DHS) ap pare pou ofisyèlman lanse yon nouvo politik oto-deportasyon, vwa ap leve pou denonse sa kèk moun dekri kòm yon “estrateji twonpe ak sinik” ki vize fòse imigran san papye kite Etazini volontèman.

Daprè enfòmasyon jounalis Fox News Bill Melugin pataje, nouvo inisyativ administrasyon Trump lan ta pèmèt imigran san papye enskri pou yo kite peyi a sou depans pa yo, epi resevwa yon avantaj finansye apre yo fin ale.

Depi yo remake kantite lajan depans operasyon ajan ICE yo twò wo, “DHS ap anonse jodi a li pral kòmanse peye pou vòl komèsyal moun san papye ki dakò pou yo oto-deporte, epi li pral ba yo yon bonis 1,000 dola lè yo konfime sòti yo,” se sa Melugin ekri sou X (ansyen Twitter), jan Raw Story rapòte li.

Daprè ofisyèl DHS yo, toujou site pa Melugin, pwogram sa a ta pèmèt ekonomize anviwon 70% depans ki gen rapò ak arestasyon, detansyon ak depòtasyon. “Kout mwayèn yon depòtasyon fòse depase 17,000 dola, tandiske pwogram sa a ta koute an mwayèn sèlman 4,500 dola pa moun,” selon Raw Story. Anplis, DHS soutni sa ta diminye risk pou ajan imigrasyon yo epi libere resous.

Pou anpil defansè dwa imigran yo, desizyon sa a se yon admisyon echèk politik migrasyon administrasyon Trump lan, ki ap kòmanse reyalize li matematikman enposib pou depòte plis pase 11 milyon imigran san papye ki nan Etazini.

Plizyè espesyalis imigrasyon ap tire son alèt sou sa yo konsidere kòm yon metòd twonpe ak mechan pou fòse imigran kite Etazini sou baz volontè. Aaron Reichlin-Melnick, yon avoka ki travay nan American Immigration Council, avèti mezi sa a ka fè anpil dega sou dwa imigran yo.

“Li vrèman mechan pou DHS fè konprann moun ki kite peyi a volontèman ap gen posiblite pou yo retounen legalman Ozetazini apre sa,” se sa li deklare sou X, dapre Raw Story. “Anpil moun ka kwè pwomès sa a epi yo ka vin pran plis pwoblèm legal. Se yon pyèj,” li mete aksan sou sa.

Ekspè a mete an avan ke anpil imigran san papye se an reyalite moun k ap chèche azil, k ap chape anba vyolans oswa pèsekisyon lakay yo. Si yo ankouraje yo pou yo pati, gouvènman an ka itilize sòti yo kòm yon pretèks pou refize yo nenpòt pwoteksyon si yo retounen.

“Sa ta fè li pi fasil pou mete moun sa yo deyò nan pwogram azil la,” se sa Reichlin-Melnick eksplike, e li fòtman konseye imigran yo pou yo pa tonbe nan pyèj administrasyon Trump lan.

Chak moun ki sou teritwa Ameriken gen dwa a pwosè jis (due process). Menm si gouvènman federal la ta renmen depòte tout moun, gen yon pwosesis jidisyè ki dwe respekte nan tout ka.

Inisyativ sa a parèt alòske administrasyon Trump lan ap eseye mete moun k ap chèche azil sou menm baz legal ak lòt kategori imigran ilegal — yon pratik plizyè òganizasyon dwa moun denonse kòm ilegal. Anplis, kèk palmantè Repibliken nan Kongrè a ap pwopoze mete frè trè wo sou demann azil, sa ki ta ka rann pwosesis la enaksesib pou majorite moun ki konsène yo.

Pages

Share This Article