Marcelo Gomes Da Silva, adolesan ICE te arete nan Milford, rakonte kalvè li: “Kote sa a pa bon ditou”

CTN News

Aprè li fin pase sis jou nan prizon Migrasyon ak Ladwann Ameriken (ICE), Marcelo Gomes Da Silva, yon elèv lekòl segondè ki gen 18 an, pale pou denonse kondisyon “imilyan” kote li te jwenn tèt li an detansyon.

« Mwen pa vle kriye — men mwen vle di kote sa a pa bon ditou, » se premye pawòl li te di devan yon pakèt jounalis. Li te toujou abiye ak yon mayo mawon, ak yon etikèt « Free Marcelo », ak soulye Crocs, jis apre yo te libere li nan sant detansyon federal Burlington nan eta Massachusetts.

Jèn gason an, ki frekante Milford High School epi ki ap viv Ozetazini depi li gen 5 an, te arete san okenn avètisman 31 me ki sot pase a, pandan li t ap ale nan yon pratik volebòl. « Mwen te sezi. Mwen pa t konprann sa k t ap pase, » li rakonte. « Li mande m: “Ou konnen poukisa yo arete w?” Mwen reponn: “Non, mwen pa konnen.” Li di m: “Paske ou ilegal, ou se yon imigran.” »

Marcelo fè konnen li pa t resevwa okenn rezon valab pou arestasyon an. Yon ajan te jis di li yo t ap chèche papa li. Men, se li menm, yon elèv san okenn dosye kriminèl, yo te mete dèyè bawo.

Yon ajan fanm ki t ap travay pou ICE — li dekri li kòm yon moun jantiy — te di li ke viza li te ekspire. « Madanm, mwen te gen sèt an, » se repons li te bay, li mete aksan sou lefèt ke li te rive Ozetazini an 2013 e ke viza a te ekspire an 2015.

Pandan tout tan li te an detansyon, li pa t janm transfere, malgre ICE te fè konnen li te voye l nan yon lòt sant. Li te toujou nan biwo ICE Burlington kote li te sèvi kòm tradiktè pou lòt moun ki pa pale angle. « Yo te konn vini ban mwen papye: “Èske ou ka tradui sa pou mwen? Paske mwen pa vle siyen anyen pou yo pa depòte mwen.” »

Li dekri kondisyon kote li te kenbe a tankou yon eksperyans ki te frape li anpil. Li te dòmi sou planche beton, li te oblije sèvi ak twalèt piblik nan yon sal kote te gen plizyè dizèn lòt gason. « Se te yon imilyasyon — mwen te jis santi m wont pou tout lòt moun yo, » li konfye.

Jij imigrasyon Jenny Beverly te bay lòd pou yo lage Marcelo sou kosyon jedi 5 jen, epi li fikse kantite a a 2 000 dola. Avoka li, Robin Nice, te akeyi desizyon an, men li di Marcelo pa t dwe arete ditou. « Nou kontan anpil li lib. Jij la mete youn nan kosyon ki pi ba yo, sa ki te konvenab nan ka sa a. Men, chemen an ap long, » li te deklare bay GBH News.

De manm Kongrè Ameriken an, Jake Auchincloss ak Seth Moulton, te vini rankontre li apre liberasyon an. Moulton kritike administrasyon an, li di: « Nou sipòte sekirite sou fwontyè yo, nou respekte lalwa, men mete elèv onorab 18 an nan prizon, se pa sa lalwa ak lòd ye. » Auchincloss ajoute: « Sa pa gen anyen pou wè ak jistis. »

Mobilizasyon an te laj. Plis pase 120 moun, pami yo anpil elèv, te rasanble devan tribinal Chelmsford maten an menm. Kamarad li yo sou ekip volebòl la te mete mayo blan ak nimewo 10 li sou yo, yo te trase a men. « Se yon bon jèn gason ki merite tout sipò nou, » se sa Giovanni Guilarducci, youn nan zanmi l, deklare.

Julianys Rentas, mennaj li, te denonse arestasyon an tou: « Sa yo te fè a se yon enjistis. Li pa yon kriminèl. Li pa t dwe tounen sib yo. »

Daprè Depatman Sekirite Enteryè, se papa li, João Paulo Gomes-Pereira, ki te vrè sib ICE, akoz kèk ti dosye trafik ansyen. Men sa yo te deja regle nan tribinal: li te peye yon amann 100 dola epi li pa gen okenn lòt ka kriminèl aktif. « Mwen renmen pitit mwen. Nou bezwen Marcelo lakay. Nou renmen Amerik, » papa a te di nan yon videyo ki te touche anpil moun.

Lè yo poze Marcelo kesyon sou sa, li pran defans papa li: « Si w pale mal de papa m, se tankou w ap pale mal de mwen, paske se li ki leve mwen. » Li kontinye, ak anpil emosyon: « Papa m te konn rele m chak swa ak frè ak sè m. Li pa t janm sispann kriye. Poukisa? Pa gen okenn rezon pou sa. »

Dosye imigrasyon Marcelo poko fini: pwochen odyans lan p ap fèt anvan twa mwa. Antretan, li swete retounen lakay li pou wè fanmi l, e pou ede lòt moun ki te sibi menm bagay la ak li nan sant ICE la. « Premyeman, mwen vle rakonte istwa mwen. Men papa m toujou aprann mwen mete lòt moun an premye. Mwen vle ede lòt mesye ki te kenbe avè m yo, » li fini pa di.

Share This Article