Jij Indira Talwani Bay Lòd Pou Rekòmanse Trete Demand Imigrasyon Benefisyè Pwogram Biden

Emmanuel Paul
By
Emmanuel Paul
Journalist/ Storyteller
Emmanuel Paul se yon jounalis ki gen anpil eksperyans epi yon rakontè istwa ki angaje depi lontan pou verite, jistis sosyal, ak devlopman kominote yo. Li...
humanitarian parole application - approved

Bon nouvèl pou benefisyè  pwogram liberasyon kondisyonèl. Jij federal Indira Talwani rann yon lòt desizyon an favè yo.

Nan yon desizyon li rann lendi pase a nan ka Svitlana Doe kont Noem, jij la bay lòd pou administrasyon Trump lan rekòmanse imedyatman tretman demann pou ajisteman estati ak lòt benefis imigrasyon — tankou pèmi travay — ke  benefisye  pwogram liberasyon kondisyonèl yo te depoze. Pwogram sa yo souvan rele “pwogram Biden”.

Nan menm desizyon an, tribinal la tou  sètifye yon rekou kolektif nasyonal pou asire tout moun ki afekte yo ka jwi pwoteksyon desizyon sa a. Plizyè santèn milye moun atravè peyi a gen dwa benefisye desizyon sa a.

Mezi sa konsène espesyalman moun ki resevwa paròl imanitè nan kad pwogram pou sitwayen Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela (CHNV). Desizyon an tou kouvri pwogram Uniting for Ukraine, Operation Allies Welcome, Central American Minors Parole, Family Reunification Parole, ak Military Parole-in-Place.

“Kliyan nou yo se kolèg, patnè lavi, e manm kominote nou yo. Yo merite pou yo trete ak respè ak jistis,” se sa Karen Tumlin, Direktris Justice Action Center, youn nan òganizasyon ki depoze plent lan, te deklare nan yon kominike ki te pibliye mèkredi.

Jij la te deja sispann, nan mwa avril ki sot pase a, tantativ administrasyon Trump lan te fè pou mete fen nan estati legal ak pèmi travay plizyè milye moun ki anba pwogram CHNV lan. Nouvo desizyon sa a pa sèlman konfime pwoteksyon sa yo, men li elaji li tou pou lòt moun ki nan lòt pwogram liberasyon imanitè yo, daprè Haitian Bridge Alliance, youn nan òganizasyon ki siyen kominike a.

Guerline Jozef, Direktris Egzekitif Haitian Bridge Alliance, te akeyi desizyon an ak satisfaksyon: “Kit w sòti Ikrèn, Ayiti, Afganistan oswa Nikaragwa, nenpòt moun ki benefisye de liberasyon kondisyonèl imanitè ta dwe gen dwa viv anpè avèk fanmi yo.” Li mande pou gouvènman an rekòmanse tretman tout demann ki te bloke yo san pèdi tan.

Desizyon tribinal la gen ladan tou dosye fanmi manm militè Ameriken ki te depoze premye oswa renouvèlman demann yo anba pwogram Military Parole-in-Place. Jij Talwani fè konnen ke dosye sa yo dwe trete san reta.

Anwen Hughes, Direktris Estrateji Legal pou Pwogram Refijye nan Human Rights First, te mete aksan sou enpòtans desizyon an: “Tribinal la rekonèt klèman domaj desizyon abitrè gouvènman an lakoz. Nou swete otorite yo pral respekte desizyon sa a epi rekòmanse trete dosye sa yo.”

Plent lan te soumèt pa Justice Action Center ak Human Rights First, avèk sipò Haitian Bridge Alliance, pou konteste lòd administrasyon Trump lan te bay USCIS pou sispann trete tout aplikasyon ki gen rapò ak pwosesis paròl imanitè sa yo.

Objektif la se te anpeche revokasyon pwogram yo, ke anpil moun konsidere kòm esansyèl pou plizyè milye fanmi.

Pwogram imanitè sa yo, ki egziste depi plis pase 70 lane, te mete sou pye pa plizyè administrasyon ameriken, kit yo te Repibliken ou Demokrat. Yo vize ankouraje reyinifikasyon fanmi, reponn ak kriz imanitè ijan, epi jere migrasyon de fason pi efikas.

“Desizyon sa a montre lè nou mete tèt ansanm pou lite, nou ka ranpòte viktwa,” se sa Guerline Jozef mete aksan sou, pandan li te souliye enpòtans solidarite ant kominote ki afekte pa politik migrasyon yo.

Desizyon tribinal Massachusetts la reprezante yon pa enpòtan pou dwa imigran ki nan sitiyasyon imanitè Ozetazini.

Depi plizyè mwa, administrasyon Trump lan te deside sispann tretman tout aplikasyon ke moun k ap benefisye de liberasyon kondisyonèl yo te depoze, pandan li te fè konnen ke gen ankèt an kour pou detekte potansyèl ka fwod. Depi lè sa a, plizyè milye benefisyè ap tann ak enkyetid rekòmansman tretman aplikasyon yo pou benefis tankou azil oswa ajisteman estati.

Share This Article