Piske li pa jwenn soutyen bò kote kominote entènasyonal la, gouvènman ayisyen an ta chwazi fè apèl ak mesenè ameriken.
Gen negosyasyon ki ta deja an kou ak yon konpayi ki gen repitasyon pou patisipasyon li nan batay kont teworis yo nan Irak.
Nan yon entèvyou eksklizif li bay Caribbean Television Network (CTN), ansyen anbasadè Etazini ann Ayiti, Luis Moreno, prezante yon temwayaj ki frape sou dinamik politik, sekirite ak diplomatik ki antoure kriz ayisyen an. Li revele eleman ki bay kè sote : gouvènman tranzisyon ayisyen an ta panse fè apèl ak mesenè ameriken, pami yo gen kèk ki mele nan gwo eskandal entènasyonal, pou retabli sekirite nan yon peyi gang fin ravaje.
Men, dapre diplomat la, estrateji sa a pa sèlman pa efikas, men li danjere anpil. Li akize tou administrasyon ameriken an dèske li itilize klasifikasyon gang ayisyen yo kòm òganizasyon teworis — pa pou ede Ayiti, men pou jistifye ekspilsyon migran ayisyen yo sou tè ameriken an.
“Mwen kwè gouvènman tranzisyon an te konsidere — oswa ap konsidere toujou — mete sou kontrak kèk kontraktè ameriken ki gen move repitasyon”, se sa Luis Moreno deklare depi nan kòmansman entèvyou a.
Dapre enfòmasyon ki sikile nan sèk diplomatik nan Washington, otorite ayisyen yo ta deja lanse diskisyon ak kèk aktè nan sektè sekirite prive a, patikilyèman Erik Prince, ansyen chèf konpayi kontwovèsyal Blackwater.
Konpayi militè prive sa a te akize dèske li te touye sivil nan Irak pandan li t ap opere sou kontrak Depatman Defans Ameriken an. “Yo ap chèche mete sou kont yo kèk moun mwen ta rele “sispèk” (sketchy contractors), epi yo pral peye yo anpil lajan. Mwen kwè sa se yon erè grav”, se sa ansyen chaje dafé ameriken an ann Ayiti deklare. Li panse pèp ayisyen an ta gen tout rezon pou l pè plis toujou si mesenè sa yo ta vin deplwaye sou teritwa Ayiti.
Revelasyon sa yo fèt pandan peyi a ap travèse yon ensekirite ki pa janm sispann : gwoup ame kontwole yon gwo pati nan Pòtoprens, gen komisarya yo mete dife, epi enstitisyon leta yo tonbe. Nan sans sa a, kèk manm nan gouvènman tranzisyon an panse yon “solisyon sevè” ta kapab ranvèse sitiyasyon an.
Men, pou Moreno, lide pou entegre mesenè nan dezòd sa a ki deja danjere, se mete plis vyolans ankò. “Mete fòs prive konsa nan yon anviwònman ki deja frajil, se tankou ap vide lwil sou dife”, se sa li avèti.
Li sonje tantativ menm jan nan lòt peyi te souvan mennen nan vyolasyon grav dwa moun, pèdi kontwòl pa otorite lokal yo, epi agrave tansyon sosyal yo. “Sa konpayi prive sa yo chèche, se pa lapè ni estabilite. Se kontra ki rapòte lajan.”
Diplomat la pito lanse apèl pou retounen sou wout solisyon politik, diplomatik ak enstitisyonèl, ak yon sipò kominote entènasyonal la ki pi solid — men ki pi byen jere.
Klasifikasyon gang yo kòm “teworis” : zouti jeyopolitik oswa manipilasyon migratwa ?
Luis Moreno pa sèlman lanse avètisman sou danje entèn. Li kritike tou politik pwòp gouvènman li anvè Ayiti. Li pale espesyalman de desizyon Etazini pran dènyèman pou klase kèk chèf gang ayisyen kòm teworis entènasyonal. Yon desizyon ki te ka parèt kòm yon jès solidarite fas ak kriz sekirite a.
Men, dapre ansyen anbasadè a, inisyativ sa a gen yon entansyon pi sinik :
“Mwen regret sa, men mwen oblije kritike ansyen kolèg mwen yo, paske mwen panse youn nan vre rezon ki dèyè klasifikasyon sa a, se pou bay yon jistifikasyon legal pou ekspilsyon migran ayisyen yo.”
Lè yo mete kèk gwoup ayisyen sou lis nwa teworis entènasyonal yo, otorite ameriken yo kapab pi fasil mete moun deyò, limite demann azil yo, epi kriminalize plizyè kategori migran. “Yo akize yo kòm teworis, menm jan yo konn fè ak migran ki soti El Salvador oswa Venezyela. Sa pèmèt yo kontoune kèk pwoteksyon legal.”
Estrateji sa a parèt plis cho kantik toujou, dapre Moreno, paske ayewopò entènasyonal Pòtoprens la fèmen, epi kondisyon sekirite yo pa pèmèt okenn retou ki ni diy ni an sekirite. “Kijan yo kapab panse mete moun deyò ale nan yon peyi kote menm avyon pa ka desann ? “, se sa li mande.
Li mete tout responsablite sou zepòl kominote entènasyonal la nan agravasyon kriz ayisyèn lan : ” Etazini, Lafrans, Kanada… mwen ba yo nòt F, tankou “Fail”. Yo plis fè dega pase yo bay èd. E mwen pa kwè bagay yo pral amelyore byento.”
Gouvènman ayisyen an pran nan pyèj pwòp ilizyon pa li
Ansyen diplomat la di tou otorite ayisyen yo mal mezire konsekans demann yo fè pou klase gang yo kòm òganizasyon teworis.
“Sèl rezon ki fè sans pou mwen, se yo te panse sa t ap pouse Ameriken yo oswa kominote entènasyonal la pou yo voye fòs sekirite ann Ayiti.”
Men dapre Moreno, estrateji sa a te fè erè depi nan kòmansman. « Mwen t ap renmen yo te konsilte mwen. Mwen t ap di yo lide sa a pa reyalistik. Pa t gen anyen pozitif ki te ka sòti ladan. »
Okontrè, li pè sa manèv sa a vin izole Ayiti plis toujou epi sal plis imaj pèp ayisyen an nan je mond lan. Dapre diplomat ameriken an, gen yon gwo gap ant desizyon elit ayisyen ak entènasyonal yo pran, ak bezwen reyèl popilasyon an : sekirite, jistis, bon jan gouvènans demokratik, ak espwa.
Rekourir ak solisyon militè prive, mete ansanm ak yon politik migratwa ostil, ka mennen peyi a pi fon nan dezòd.
“Sa Ayiti bezwen, se pa plis vyolans, men plis solidarite. E se lidè ki panse ak jenerasyon kap vini yo, pa ak kontra yo ka siyen jodi a “, se sa li konseye. Luis Moreno te dènye diplomat ki te akonpaye ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide nan Ayewopò Toussaint Louverture an 2004.
Pandan entèvyou eksklizif sa a, Luis Moreno te bay tout detay sou sikonstans ki antoure demisyon ak egzil Jean-Bertrand Aristide.
Li fè konnen se ansyen lidè sa a ki te mande pou l te pati li menm.
Entèvyou a ap difize sou tout platfòm Caribbean Television Network aswè a a 8è.