Parapò a ogmantasyon enpòtan nan kantite moun kap chèche antre nan peyi a, gouvènman Kanadyen an anonse lendi sa a yon seri mezi nan kad pwojè lwa C-2.
Mezi sa yo vize ranfòse sekirite sou fwontyè Kanada ak Etazini, epi rann pwosesis imigrasyon ak azil lan pi fleksib ak pi reponsab, dapre sa sèvis imigrasyon ak refijye Kanadyen yo (IRCC) fè konnen.
Nan yon kominike yo pibliye madi, Imigrasyon, Refijye ak Sitwayènte Kanada (IRCC) konfime volonte li pou “bati yon Kanada ki pi an sekirite e ki pi jis”, pandan y ap chèche retabli konfyans piblik la nan yon sistèm yo konsidere kòm “yon sous fyète pou pèp Kanadyen an epi yon motè pou kwasans ekonomik la”.
Plizyè mezi enpòtan prevwa nan pwojè lwa C-2 a, pami yo gen:
-
Amelyorasyon nan fason IRCC pataje enfòmasyon ak patnè federal, pwovensyal ak teritoryal li yo, pou jere dosye yo pi byen epi pran pi bon desizyon;
-
Ranfòsman pouvwa entèvansyon yo, ki gen ladan kapasite pou anile, sispann oswa modifye dokiman imigrasyon, e menm sispann oswa refize aksepte nouvo aplikasyon;
-
Modernize fason demann azil yo trete pou rann pwosesis la pi rapid, efikas ak jis;
-
Mete nouvo règ sou inadmisibilite pou pwoteje sistèm azil la kont ogmantasyon bridsoukou nan kantite aplikasyon.
Mezi sa yo vini nan yon kontèks kote Kanada ap fè fas ak pi plis presyon sou fwontyè li yo, sitou bò sid. Nan diskou Twòn li, Premye Minis Carney te angaje l pou mete balans ant akey imanitè, sekirite nasyonal ak efikasite administratif.
“N ap amelyore sekirite sou fwontyè Kanada-Etazini an epi rann sistèm imigrasyon ak azil nou yo plis fleksib ak pi reponsab fas a presyon ki nouvo ak ki ap parèt”, se sa IRCC mete aksan sou nan kominike li a. Yo ensiste sou volonte nouvo premye minis la pou “retabli konfyans pèp Kanadyen an nan sistèm imigrasyon an, mete balans kòm priyorite”.
Sepandan, IRCC pa bay plis detay sou sa li vle di lè li pale de “priyorite a balans”.
Pandan 4 dènye mwa yo, kantite imigran k ap eseye travèse fwontyè nò Kanada a ogmante anpil, nan objektif pou chape anba politik depòtasyon masiv administrasyon Trump lan mete an aplikasyon. Anpil moun ki t ap chèche refij nan Kanada te rejte e voye tounen bay otorite Ameriken yo.
Dapre IRCC, “mezi ki anonse jodi a nan pwojè lwa C-2 a vize pou pwoteje entegrite sistèm nou an pandan n ap bati yon Kanada ki pi an sekirite ak pi jis”.
Anons sa a make yon etap enpòtan nan refòm politik migratwa Kanada yo.
Malgre IRCC mete aksan sou entegrite sistèm lan, yo fè konnen mezi sa yo vize tou diminye reta nan tretman dosye yo, pi byen jere kriz imanitè yo, epi evite sistèm akey imigran yo vin sature.