Desizyon Kou Siprèm sou TPS pou Venezyelyen yo: “Pa gen rezon pou pè”, dapre yon espesyalis nan imigrasyon

Emmanuel Paul
By
Emmanuel Paul
Journalist/ Storyteller
Emmanuel Paul se yon jounalis ki gen anpil eksperyans epi yon rakontè istwa ki angaje depi lontan pou verite, jistis sosyal, ak devlopman kominote yo. Li...
MIAMI, FLORIDA - FEBRUARY 13: Laura Kelley, Miami-Dade County Democratic Party Chair, (2nd L) joins with others to support a resolution in favor of reinstating temporary protected status for Venezuelans on February 13, 2025 in Miami, Florida. In early February, President Donald Trump's administration revoked temporary protected status for around 350,000 Venezuelans who fled the country and immigrated to the United States. (Photo by Joe Raedle/Getty Images)

Apre desizyon Kou Siprèm Etazini pran ki otorize administrasyon Trump mete fen nan Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou plizyè milye sitwayen venezyelyen, enkyetid anvayi anpil manm kominote ki afekte yo.

Men, dapre avoka Willy Allen, yon espesyalis nan dwa imigrasyon ki te pale ak CBS News, pifò moun ki gen TPS pa anba menas imedya pou yo depòte. “Pa gen rezon pou pè,” se sa Met Allen te deklare pandan yon entèvyou ak CBS News.

Selon Me Allen, se yon ti ponyen venezyelyen sèlman ki pa gen lòt estati legal. “Majorite moun ki soti Venezyela ant mas 2021 ak out 2023 deja depoze yon demann azil.” Li presize, si yon moun gen yon demann azil an kour ak TPS, li pa imedyatman menase.

Avoka ki espesyalize nan dosye imigrasyon kwè jodi a se estati azil ki pi gwo sekirite legal pou benefisyè TPS yo.
Moun ki gen TPS epi ki deja te soumèt yon demann azil toujou gen rekou legal, menm apre desizyon Kou Siprèm lan ki bay administrasyon Trump dwa mete fen nan pwogram TPS la. “Yo gen toujou entèvyou azil pou yo pase oswa odyans devan tribinal. Pwosedi sa yo dwe suiv kou pa yo, malgre TPS la anile,” se sa Me Allen eksplike. Li pratike dwa imigrasyon nan Eta Florid.

Met Allen admèt gen kèk Venezyelyen ki kapab vin plis vilnerab.

“Se sèlman moun ki deja gen yon lòd depòtasyon definitif ki ta dwe kòmanse enkyete,” li avèti.

Sa yo se moun ki te pèdi ka azil yo epi ki te pwoteje jiskaprezan pa TPS. “Kounye a ke TPS la fini, yo pa gen okenn lòt pwoteksyon,” li eksplike. Sepandan, li estime gwoup sa a reprezante “yon kantite ki piti anpil.”

Pou sa ki gen pou wè ak etap pou suiv, Me Allen konseye moun yo reaktive dosye azil yo san pèdi tan. Li ankouraje tou pou yo renouvle pèmi travay yo ki lye ak demann azil la epi “prepare yo pou yon odyans oswa entèvyou kap vini.”

Malgre yon klima ensèten, mesaj prensipal la rete klè: majorite Venezyelyen ki gen TPS toujou genyen mwayen legal pou rete, gras ak demann azil yo. Pou sa ki nan sitiyasyon plis riske, avoka yo mete aksan sou nesesite pou konsilte ak yon ekspè imedyatman pou evite konsekans ki pa ka chanje.

Konsèy Me Allen yo aplikab tou pou Ayisyen ki gen Statwa Pwoteksyon Tanporè a.

Administrasyon Trump te deja anonse entansyon li genyen pou mete fen nan TPS pou Ayisyen. Li deja redui pa sis mwa dire TPS sa a. Dapre sa nou aprann, kesyon sa a aktyèlman devan yon jij federal ki fikse yon odyans pou mwa jiyè k’ap vini an — menm jij ki te deja rann yon desizyon an favè venezyelyen yo anvan Kou Siprèm lan te revoke li.

Avèk nouvo beneficiè ki rantre gras ak pwogram Biden lan, plis pase 500 mil Ayisyen jodi a ap benefisye de TPS. Si yo ta pèdi estati sa a, anpil ladan yo ta ka oblije retounen nan yon peyi k ap sibi gwo kriz politik ak ensekirite.

Share This Article