Disney kòmanse revoke Anplwaye venezyelyen ki gen TPS apre desizyon Kou Siprèm nan

Emmanuel Paul
By
Emmanuel Paul
Journalist/ Storyteller
Emmanuel Paul se yon jounalis ki gen anpil eksperyans epi yon rakontè istwa ki angaje depi lontan pou verite, jistis sosyal, ak devlopman kominote yo. Li...
MIAMI, FLORIDA - FEBRUARY 13: Laura Kelley, Miami-Dade County Democratic Party Chair, (2nd L) joins with others to support a resolution in favor of reinstating temporary protected status for Venezuelans on February 13, 2025 in Miami, Florida. In early February, President Donald Trump's administration revoked temporary protected status for around 350,000 Venezuelans who fled the country and immigrated to the United States. (Photo by Joe Raedle/Getty Images)

Anviwon 45 anplwaye Venezyelyen ki gen estati Pwoteksyon Tanporè (TPS), resevwa avi ke Disney World mete yo an disponiblite san pèman, apre yon desizyon Kou Siprèm Etazini ki bay administrasyon Trump otorizasyon pou anile pwoteksyon legal sa a.

Dapre enfòmasyon ajans Bloomberg pibliye, epi Latin Times relaye, anplwaye sa yo te resevwa yon imèl 20 me ki fè yo konnen yap mete yo an konje 30 jou san salè, men yap kontinye benefisye kèk avantaj sosyal pandan peryòd la.
Apre 30 jou sa yo, sila ki pa kapab prezante yon otorizasyon travay ki valab ap pèdi djòb yo.

“Pandan nap tann plis klarifikasyon legal, nou mete anplwaye sa yo an konje, pandan nap kenbe benefis yo, pou nou pa vyole okenn lwa,” selon yon pati nan imèl Bloomberg site.

Youn nan anplwaye ki travay nan yon konplèks otelye Disney fè konnen li pa t ka antre nan travay li depi jou apre li te resevwa notifikasyon an.

Desizyon Kou Siprèm lan, ki te piblik le 20 me, anile yon jijman tribinal premye degre ak apèl ki te deja mete yon blokis sou efò pou anile TPS la. Jij distri Kalifòni an te di Sekretè Sekirite Entèn pa t gen otorite pou mete fen nan desizyon administrasyon Biden te pran pou pwolonje estati TPS sa a pou sitwayen venezyelyen yo.
Kou Siprèm lan, ki reponn a yon demann ijans gouvènman Trump fè, deside ke desizyon administrasyon anvan an te depase pouvwa ki rezève pou Ekzekitif federal la.

Sekretè Sekirite Entèn aktyèl la, Kristi Noem, defann desizyon pou mete fen nan TPS la, li deklare desizyon sa a ann akò ak “enterè nasyonal” peyi a.
Pou pati pa li, Pwokirè Jeneral John Sauer kritike desizyon jij federal Edward Chen, ki te bloke pwosesis anilasyon an nan mwa mas pase a, li te avèti ke sa te kapab lakoz “domaj irepab” pou plizyè santèn milye moun epi mete ekonomi ameriken an an danje.

TPS (Estati Pwoteksyon Tanporè) se yon dispozisyon legal ki bay pwoteksyon kont depòtasyon epi ki pèmèt moun travay legalman Ozetazini, sitou pou sitwayen peyi ki viktim kriz imanitè, tankou lagè oswa dezas natirèl.
An 2021, administrasyon Biden te bay sitwayen venezyelyen yo TPS akoz represyon politik, efondreman ekonomik, ak dezòd sivil anba rejim Nicolás Maduro a.

Sa ka parèt ironi, paske malgre Donald Trump te montre li pa t dakò ak rejim Maduro e li te sipòte opozisyon an, desizyon sa a vin reprezante yon chanjman total.
Nan fen premye manda li, Trump te menm bay Venezuelen yo yon estati “retade depòtasyon” (Deferred Enforced Departure).

Desizyon sa a lakoz anpil fristrasyon nan kominote venezyelyen Ozetazini — espesyalman pami sila yo ki te bay Donald Trump sipò pandan dènye eleksyon yo.

Avoka ak lòt ekspè nan domèn imigrasyon te eseye kalme tansyon an, yo fè konnen majorite Venezuelen ki gen TPS deja fè demann azil — ki konsidere kòm dènye espwa pou plis pase 300 mil moun sa yo.

Nan apeprè twa mwa, TPS pou sitwayen ayisyen yo ap ekspire. Administrasyon Trump te deja deside diminye peryòd pwoteksyon an soti nan 18 pou mete li a 12 mwa.
Nan mwa jen, gouvènman federal la sipoze anonse ofisyèlman si li pral renouvle TPS pou Ayisyen yo. Men, chans pou sa fèt parèt trè limite, sitou paske Donald Trump te deja anonse entansyon li pou mete fen nan TPS pou Ayisyen yo, ki plis pase 500 mil moun — yo anba estati sa a depi 1990, sou administrasyon George H. Bush.

Sous: Latin Times, Bloomberg, Kou Siprèm Etazini, Depatman Sekirite Enteryè Etazini.

 

Share This Article