13 Ajan ICE ak 8 Migran bloke nan move kondisyon nan yon kontenè nan Djibouti

CTN News
The 8 Immigrants Trapped in a Container in Djibouti Credit: The Daily Beast

Politik depòtasyon agresif Prezidan Trump lan mete an danje sekirite ajan ICE yo ak imigran yo ap depòte nan Afrik de Lès.

Nan kad yon operasyon pou depòte uit imigran li te klase kòm kriminèl, administrasyon Trump te voye trèz ajan ICE nan Djibouti. Kounye a, yo tout jwenn tèt yo prizonye nan yon kontenè chajman ki transfòme an sant detansyon tanporè, apre yon desizyon jistis enprevi ki te entèwonp vòl depòtasyon an.

Daprè Washington Post, jan jounal DailyBeast site li, uit imigran yo — ki soti Myanma, Kiba, Vyetnam, Laos, Meksik ak Sid Soudan — te depòte nan fen me pa administrasyon Trump ki te deklare yo te kondane pou krim. Lè peyi orijin yo te refize aksepte yo, otorite ameriken yo te deside voye yo nan Sid Soudan. Men, yon jij federal te deside pita ke yo gen dwa konteste kondanasyon yo nan tribinal Ozetazini. Desizyon sa a mete tout operasyon an sou wout bloke, paske gouvènman ameriken an refize pran imigran yo tounen.

Yo rete bloke sou plas, nan kondisyon ekstrèm, ap tann yon solisyon ki ka pran plizyè semèn.

Rapò yo endike sèlman sis kabann disponib pou 21 moun sa yo, ki oblije viv kole kole nan yon espas fèmen san bon vantilasyon, anba chalè ki depase 40°C (plis pase 100°F).

Nan yon rapò li soumèt bay tribinal la, Mellisa Harper, direktè ICE ak Depatman Sekirite Entèn (DHS), dekri yon sitiyasyon sante ki alarman. Li di ajan yo ap montre sentòm ki gen ladan yo “tous kontinyèl, difikilte pou respire, lafyèv ki monte rapidman, ak doulè nan jwenti.” Anviwònman an dekri kòm toksik anpil : lannwit, yon “gwo nwaj lafimen” ki soti nan fatra ak ekskreman ki boule kouvri kontenè a. DHS rapòte kèk ajan oblije dòmi ak mask respiratwa, epi note Depatman Defans te avèti yo dèske yo te ekspoze a danje atak rakèt ki soti nan gwoup teworis Yemeni. “Ajan ICE yo pa gen okenn ekipman pwoteksyon balistik an ka ta gen yon atak,” li avèti, san li pa presize si administrasyon Trump lan prevwa pou evakye ajan yo ak migran yo imedyatman.

Kondisyon detansyon migran yo pa pi bon. Dapre Harper, yo gen dwa sèlman yon sèl douch pa jou epi yo sibi fouy sistematik chak fwa yo al sèvi twalèt la, ki plis pase 40 mèt lwen kontenè a. “Sal konferans lan yo sèvi kòm sant detansyon pa adapte ditou pou kenbe moun, sitou moun yo konsidere kòm danjere,” li mete aksan sou sa. Absans mezi sekirite apwopriye fè li enposib pou mete moun apa an ka gen konfli, sa mete pèsonèl sou plas la an danje.

Malgre administrasyon Prezidan Trump lan ta ka fasilman  ajan ICE yo ak imigran yo tounen, li pito voye fado a sou jij Massachusetts la, Brian E. Murphy.

Gouvènman federal la, ki denonse sa li rele “abiz jistis ak vyolasyon otorite federal li sou depòtasyon,” anonse jedi li pote ka a devan Kou Siprèm.

“Jij sa a mete sekirite ajan ICE nou yo an danje, li lage yo Djibouti san ase resous, san asistans medikal, ekspoze ak teworis anti-Ameriken,” dapre sa Tricia McLaughlin, pòt pawòl DHS, poste sou X. Li kontinye: “Ajan ICEgov nou yo te sèlman akonpaye uit kriminèl ki te deja resevwa lòd depòtasyon final. Moun sa yo tèlman danjere ke okenn peyi pa te vle resevwa yo. Sa a se yon eskandal, e li pa gen sans.”

Jij la rejte tout akizasyon sa yo, li deklare se administrasyon Trump lan ki sèl responsab sitiyasyon grav sa a.

Avoka ki reprezante imigran depòte yo lanse gwo pwotestasyon kont kondisyon detansyon DHS mete sou yo.

Share This Article